09/22/2025
7 Pas Dlo: Chimen memwa Savanolèt- Wanament.
Gen wout ki pa sèlman travèse tè, men ki travèse nanm moun. Nan chak ti sous dlo ki koule, nan chak ravin ki louvri, gen vwa zansèt yo k ap chante soufrans ak viktwa. 7 pas dlo yo pa sèlman mare Savanolèt ak Vil Wanament, yo mare pase ak lavni, yo fè rèv timoun tounen rasin, epi yo fè tras pye tounen pyebwa memwa. Se nan son tanbou, nan bri kolibri ak wosiyòl, nan souri timoun kap mache pye atè, ke leson lavi a ekri: okenn dlo pa trò fon pou moun ki fèt pou rive lwen.
Anvan ane 1995 yo, lè timoun Savanolèt (4èm seksyon), ki t’ap viv bouk Wanament, sitou sila yo ki te lekòl laka Frè Wanament yo, te te bezwen ale “Lakay”, yo te toujou pran chimen ki pase pa Sans la (avan’w pran Dosmon). Apre’w fin kite pye Mang Zonbi a, ou fon vire a dwat, pou kontinye nan ti chemen an, an pasan pa lokalite Bwa Limen (ou salye fanmi Pè Chal), La Rivyè Sab, Ravin Zikap, Penchòt (ou salye fanmi Fontil ak Dezam - Man Teyon- manman Benwa Dezam), epi w pran Mapou pou soti nan gran chimen an nan Ma (kote bitasyon moun Abela yo tabli).
Le nou deside pran wout “Lakay” pou rive wè Mèt Mibèl Abela nan Ma, lanati fè nou egzijans janbe 7 pas dlo. Nap mache, nap jwe. Chak gout swe ki koule sou fwon nou, se te tankou sous dlo lavi a k ap fè rivyè lavni an pa janm seche. Malerezman, timoun Savanolèt ki fèt nan fen ane 90 yo pat gen chans jwi bèl ti moman sila yo.
Pandan vwayaj la, anpil timoun te konn oblije fè ti poze, manje (pou sila yo ki te ka pote kichòy), plenyen, men abandone, oswa dekouraje, pat janm yon opsyon. Anpil fwa, pou kalme swaf, se fouye pou te fouye sab rivyè yo, kite dlo a filtre, epi bwè bwason natirel sila a ke lanati te toujou ofri gratis. Dlo sila te toujou pe fre, pi gou pase dlo kannari ak krich yo. Nan sezon mang, timoun yo te konn grenpe preske tout pye mang ki pouse bò dlo yo.
Nan tout wout la, si’w rate yon grenn bitasyon, ou pa di granmoun bonjou Ton, oubyen bonjou Tant, yap pote granmoun ou plent paske’w se timoun fwonte, ou te konnen pa pase san’w pa salye tout fanmi.
Se te yon bagay etonan pou tout timoun ap admire bèlte lanati: chak bitasyon t ap briye ak flè tout kalite, sitou fledizè yo; Wosiyòl, ranmye, sèpantye, ti kit, zòtolan, zwazo mouch, esklav nan pye palmis yo, ti kolibri vèt ak tras wouj sou kò yo t ap vole, kriye, danse. An menm tan, son tanbou vodou, ki soti lwen, t ap akonpanye nou nan tout chimen an. Son sa yo t ap melanje ak kri kabrit yo ak kwòk ki t ap sonnen nan kou yo, pou yo pa antre nan jaden vwazen yo. Ansanm, tout bri sa yo te tounen tankou melodi mizik tradisyonèl nan konbit ak ranpanno.
Depi yo wè yo rive kay Man Tòtò (Manman Man Wilmen, grann Enjenyè Widlin Pyè), lespwa blayi paske yo atake gran Chimen, kote lokalite Mâ koumanse. Kidonk, yo pa nan janbe pas dlo ankò.
Avan w rive nan bitasyon fanmi Abela yo, kote Mèt Mibèl te toujou pase semenn li, ou gen pou pase devan kay plizyè lòt fanmi ak zanmi, epi rantre salye yo:
- Bitasyon Ton Samson Fleran (Ansyen Chèf Seksyon Savannolet, papa Met Grasia Fleran);
- Bitasyon fanmi Sinoyis yo kote Pa Frank la;
- Bitasyon Oseyan Pyè, (Papa Lic, Pòl, Erise, Tann Nini, Jak), gran Tonton Mèt Mibèl;
- Bitasyon Ton Semeran Pyè, li se papa Ton Senbè Pyè, Tann Toul, Tann Sisinn. Ton Semeran se te gran papa Mèt Jòj, Mèt Reno, Sègo Fanfan, Marime, Woni, Man Jak;
- Bitasyon Senklis Pyè, ki se papa Dipi Pyè ak Deselmans Pyè, gran papa Jij Edi Pyè. Jij Edi, pitit pitit Senkils, se papa Doktè Dipi, Chaden, Sèls, Fima, Moklè, Mariklè.;
- Bitasyon Simeyis;
- Bitasyon Élie Jozèf, laka “Tijan”, ki vin tounen kay Tipa (R.E.P.);
- Fanmi Bòs Sèsit Onore. Dèyè do li ou jwenn bitasyon fanmi Edwa (Papa Klodya, Yotte, Zakari, Rony, Frito) ak Rezimis Senvil (papa Kolonel Ramis Senvil, Bòs Pachou, Bozèt, Wilfrid, Linvi, Daniz, Tato, Mariyèt), neve Ton Janti, kouzen pwoch Mèt Mibèl Abela;
- Bitasyon Ton Mannou, papa Agwonòm Ebèl Aman, Mèt Leyons Kolèj Wousan Kamiy, ak Defen Giyòm;
Nan wikenn, Makout Mèt la toujou jouke deyè bèkann Hercule 28 li an, tankou yon chwal gwo ras ki pote tout chay lavia. Bekann sila a chaje ak koko djaka ki soti nan bitasyon li: mang bouboul, mang kachiman, mang tete, mang abriko, mang Janmari, bout kann kiba ak kann annanna, zoranj dous, chadèk, kachiman, kokoye, ak poul peyi. Lè tè a pa bay anyen menm, oubyen sezon fwi yo pase, Mèt la pote yon vye pentad mawon, yon fason pou li pa kite makout la rive nan bouk vid.
Li lage bèkann nan sou woulib depi devan bitasyon Man Eli Jozèf la, tankou yon kout van fre ki pote bon nouvèl. Tout sa, se pou li te ka vin soutni madanm li, Alèt Salvan, epi trase bonjan direksyon lavi pou pitit li.
Pou tout timoun nan lakou a, rive Makout sila a se te yon gwo fèt: chak wikenn, yo kouri vini al dekouvri kado sekrè bèkann nan te pote, tankou yon panyen majik ki pa janm fin etone yo.
Nou pa rive nan lokalite Beyòt, pou pase we res mesye dam Fontil yo ak res mesye dam Senvil yo. Pi douvan, lokalite Albè te toujou ap tann nou, plezi toujou fe nou pa gentan pase salye fanmi Valbwen. Se pa panse nou pat panse pase nan bitasyon Ovid Pyè, papa Webstè Pyè, Joslin Pyè, ak Mimoz Pyè Bobren;
Tout sa te kreye yon rezo kote pat vreman gen diferans ant sila ki fanmi ak sila yo ki se zanmi, paske nan Savanolèt, tout moun se fanmi.
Timoun Savanolèt pat posede anyen, men se konm si yo te genyen tout bagay. Yo grandi ak enèji lanmou, sajès, ak respè. Sitou envè sila yo ki te wè jou avan nou yo. Ni sila yo ki fe gran vwayaj la avan nou.
Depi ou fin kite legliz katolik la, ou tou rive laka Mèt Mibèl (Bitasyon Janti Abela, papa Mèt Mibèl; Met Bebe- papa Dalin ak Chouchou Abela-; Jak Abela; Mèt Jantèl- papa Met Selondie Abela-; Touyout; ak Agwonom Nolès Abela). Pòt la te toujou rete louvri yon fason pou akeyi tout moun ki vini. Andedan kay la te gen yon ti kabann an fè, yon ti tab, yon radio Pewoni (AM, FM, SW), epi yon vye bisiklèt Hercule 28, ki te sèvi tout karyè pwofesè li nan Edikasyon Nasyonal jiskaske li pran retrèt. Se anba kad bisiklèt sa tout pitit Mèt la te aprann monte “bekann”.
Nan lakou bitasyon an, se pye kokoye yo, pye kann annanna yo, pye mang bouboul la, mang kachiman yo, fransik yo, ansanm ak pye woukou, ki te bay lavi koulè ak lonbraj. Sou pye mang yo, nou te toujou ap fouye gade si pa t gen nich poul ki te gen ze ladan yo, menm si Mèt la pap kite’w manye ze poul kalite li. Nou sonje gwo kòk papou a, yon bon plan kòk Mèt Ivan Jan Bèna te renmen anpil. Chak kout kokoriko kòk sa a, te yon vwa ki te ka fè echo rive jouk nan bouk Wanament, pou lanse yon alèt a tout gagè nan zòn nan, pou di kòk Kreyòl kalite Mèt Mibèl yo pare.
Yon sèl grenn Kòk kreyòl ki vann, ka peye tout ane lekol timoun yo. Lè konsa tèt Mèt la frèt, li pran 2 kout tafia kote grann Tera a, epi li al kouche anwo rasin Mang Modi a. Wa pa kouzen li, prezidan pa bòpè li.
Mèt Mibèl te toujou egzije nou pase salye tout fanmi yo : Dèfen Tann Tera (manman Dèfen Anann Lina Abela- man Tchapala Nann- Tantann, ki se manman lavi tout timoun Wanament ki tap viv nan Pòtoprens; Dèfen Mèt Jan Batis, Dèfen Abel, Dèfen Gilèn, Dèfen Tann Tata Kleyanta nan ri Valyè anfas laka Frè a, ak Difo Pwofèt), Man Mannou, Man Ajaks Abela (manman Jili, Gilèn, Salome, Myoz, Mèt Brinè Jan, Bris, Mèt Pégi Jan Abela ak Mèt Chilè Jean Abela), Man Katina ki se manman Wenston, vwazen Orèlyen-papa Enjenyè Orès ki gen bitasyon li anfas la, Tant Anma ak Ton Frank.
Dèfen Tann Tera sete madanm Dèfen Ton Fènan Abela, frè dèfen Janti ak Boven Abela, Lisita Abela- Tann Tata-, Lasteni Abela - Tann Toun-; Grasita Abella- Man Zo Rasin. Sa vle di, sou papye, pwojeniti Janty Boven, Lasteni, Lisita, ak Fènan yo se kouzen, men a reyalite, yo te gade tèt yo, epi viv lavi a tankou se frè ak sè jiskaske yo mouri.
Nou pap bliye sakaje Dèfen Aldòf - Tann Te, 3 e: "Aldòf, Tann Tera kisa li ye pou ou? Repons: Maman!"
Anfas Dèfen Tann Tera a, ou jwenn Bitasyon Chebede (Nòvilis Jwaza) ak Tann Elèn ki se manman Alina, manman Chimèn. Sa vle di Btasyon grann ak grann papa Onèks Pyè ak Midèlin-madan Agwonòm Bòb Ari. Pa gen timoun Lakay ki tap boule limyè wouj pou pa di:
“Bonjou Ton Nò, Nòvilis Chal Pyè, Chebede Bòfrè Jwaza. Chebede li menm, l'ap reponn ou: .....Se chen ki gen 2 non."
Defen Man Zo Rasin- Grasita Abela- se te poto mitan fanmi an. Lakay li, nan Wanament, se te lekòl lavi kote plizyè jenerasyon zanmi ak fanmi te toujou vin rete pou chache yon moso ledikasyon laka Frè ak lòt lekòl nan bouk la. Tann Grasit Abela, se te yon manman.
Lisita Abela, tantann a Mèt Mibèl, te byen jèmen. Li te bannou Rozalvo (Kounou), Ènès (Bibin). Kresiyis, Deliyis, Man Maglwa, Mari Èlèn, Tann Dozin, Justin (Ton Youyou) ak Yolèt Monpremye.
Youyou se papa mesye dam Djonsonn, Ebrant, Lanlan, Venè, Jistin, ak Kal Edga. Bibin, se papa Bòs Gamen (Bris ak Midèla).
Tann Toun Abela te ban ban nou 2 kouzen kouzin, Igèt ak Michèl.
Dèfen Ton Boven Abela (tonton Mèt Mibèl), se te papa Doktè Salnav Bovwa, Polen, Nounoun, Fedèl, Jan Ewo, Jan Wobè ak Tibo Likennson). Beauvoir Abellard
Nou pa ka bliye voye ochan pou Abela ki te tabli wayòm yo Fòlibète. Estefa Abela (frè Jan Bela), li se papa Nobè Abela, Man Ati, Man Telisma. Nobè li menm te ba nou plizyè gwo potanta tankou: Vèli, Sorèl, Papit, Frito, Loreta.
Ton Frank Abela, Ton Ame (Amesiyis), Ton Silven, Mèt Blemi Abela, tout mese sa yo se pitit Ton Bazil Abela. Yo te monte pi wo pou tabli Bitasyon yo.
Si’w vini “Lakay” jou mache, ou pa ka pa sonje Koyit, kouzen Mèt la. Se Mèt Jantèl Abela, papa Mèt Selondye, ki te premye rantre ak Koyit nan Bouk. Li te bay tètèy non: Sou zami. Lè fè cho, Souzami pote “ Sou kokoye, paske li fè sou chale”. Lè fè frèt, Souzami pote “sou zoranj, paske li fè sou fredi”. Pou Anniye li, nou te ba li ti non: “Koyit Tèt Lok, oubyen Koyit moun fou”. Pou anpil timoun, se te yonn nan pi gwo sous distraksyon, sitou y te renmen abiye an Pè, epi selebre lamès (Pè Koyit), oubyen an jandam ak souflèt èy nan men y, konwè yon sòlda ki envante pwòp lame ak pwòp grad èy. Dimanch maten, apre legliz, se te lè parad militè pou Koyit. Lè Koyit pa nan san y, y te konn vie “Voye Roch” anwo timoun yo. Men Met Mibel, ak kèrèy ki te laj pase yon pyebwa kap bèy lonbraj, pat janm dakò pou yo enniye Koyit. Men, nan sezon plante, ou pap jwenn Koyit nan lari: li te disparèt tankou yon pentad mawon ki al kache nan jaden anba pengwen, pou chèche grenn lavi.
Ou pa t ka kite zòn nan san w pa t fè yon vire nan Basen Kim, Pas Kabwèt, Man Ilè, Lawedi,, oswa al fon naje nan Kontre (kote dlo Wodòl ak dlo Digo kontre), kote vrè plezi a te toujou ye.
Gen timoun ki te konn vin peche kribich ak krab nan Basen Kim. Pou kribich la, se te yon bagay fasil: leve ti touf pay la byen fèm, vole li nan sab la, epi kribich la vole. Men krab la, se te yon lòt istwa: ou te oblije rantre men w andedan twou a ak ris pou krab la pense’w, paske krab pa t janm lage kò li fasil devan pèsonn. Si ou gen chans, ou ka rale yon “teta” tou. Se sak fè timoun yo te konn panse zangi se te pitit teta ak koulèv, paske yo pa t janmen jwenn yon zangi ak ze nan vant li. Yo pa te gen ase lespri ak enfòmasyon ke zangi, se jouk nan lanmè li ale fè pitit.
Gen kèk timoun tou ki te toujou pè pou koulev ta mòde men yo nan twou yo. Gen lòt ki te tèlman abitye, yo vin tounen “espesyalis” nan voye zen, kote yo tache yon moso vè tè tou vivan nan pwent zen an pou kenbe Borama (Tilapya) ak teta. Se te youn nan pi gwo plezi yo bò dlo a. Adje, tan pase, tan ale… tan sa yo, tankou gout dlo rivyè k ap kouri al tonbe nan lanmè, yo pap janm retounen ankò.
Nou te toujou tou pè pou Mè dlo yo pat kenbe nou.
Asèn Abela, ti kouzen Mèt la, te toujou sonje pou mennen nou nan Bitasyon grann Likresia Pyè ki te gen pou ti non jwèt li Manman Grann (manman Mèt Mibèl), kote Lekòl Nasyonal la kanpe jodi a, pi devan bò kote Ton Libè (papa Do Gale, Fadet, Kalin ak Ti Bofrè). Ti kwen sa a se te yon vrè wololoy: yon plas kote tout jenerasyon ka rasanble, manje ansanm, danse san pwoblèm, selebre lanmou ak kè kontan, epi venere zansèt yo tankou flanm dife ki pap janm etenn.
Apre Mèt la fin fè gran vwayaj la, jou vèy la, Asèn sakrifye sèl grenn bèf li te posede. Li touye l, vann mwatye nan vyann nan, epi li debake nan Bouk ak lòt mwatye a, ansanm ak plizyè kasav antye, 2 makout bwa dife. Se konsa li te pote kontribisyon yi, ak tout kè rèy, nan veye kouzen li te renmen anpil la.
Jan pwovèb la di a: “Si’w pa konnen ki kote w soti, ou pap janm konnen ki kote wap rive”. Grasadye, nou konnen nou soti lwen, men bo lakay nou, nou gen repè, se sak eksplike ke lap fò difisil pou nou pedi nan mitan chimen an.
7 Pas Dlo benit
Ansyen Jenerasyon moun Savanolet yo te konn fè wout ki te pi rèd yo tounen pon. Kote rivyè yo te konn desann fò, yo fè pye yo tounen wòch pou louvri pasaj. Chak mak pye yo nan labou a, se pa sèlman soufrans, men tou se siy viktwa. Chak janbe dlo se te yon prèv kouraj ak deteminasyon, yon pelerinaj. Se yo menm ki louvri chimen an pou jenerasyon k ap vini yo ka mache ak tèt wo, san yo pa pè dlo, san yo pa pè distans kelkeswa kote yo rive a.
Chif 7 la se kle ki ouvè pòt sakre lavi a, li vlope nou sou pwoteksyon li nan chak pas sou wout nou, epi li simen benediksyon sou tout chemen nou. Janbe 7 pas dlo sou wout Savanolet la depase yon wout fizik; li tounen yon metafò lavi: Menm lè nou bouke, menm lè swaf ap koupe souf nou, nou rekole fòs nou, rechose sapat nou, epi kontinye mache. Se nan frekante wout Savanolet la, sajès ak disiplin ankre nan rasin nou, sa ki eksplike rezon ki fe moun ki soti Savanolet pa janm dekouraje, epi toujou ka rive leve tout defi lavi yo an anpil detèminasyon.
Mèsi Mèt Mibèl ak tout lòt patriyach Savanolèt yo,
Abdel Abellard, Enjenyè-Agwonòm, Metriz nan Devloman Dirab ak Konsèvasyon Biyodivèsite;