Zyenouinfo

Zyenouinfo Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Zyenouinfo, Media/News Company, Philadelphia, PA.

HBO anonse “Jay-Z in 8”, yon seri dokimantè an uit epizòd sou lavi ak karyè Jay-ZChèn televizyon HBO ap prepare yon nouv...
07/02/2026

HBO anonse “Jay-Z in 8”, yon seri dokimantè an uit epizòd sou lavi ak karyè Jay-Z

Chèn televizyon HBO ap prepare yon nouvo seri dokimantè ki gen uit epizòd, “Jay-Z in 8”, yon pwojè ki mete anfaz sou lavi, karyè ak refleksyon atistik rapè ameriken. Se pwodiktè ak mizisyen , youn nan pi gwo figi ki make listwa mizik rock ak hip-hop modèn, ki dèyè realizasyon pwojè sa a.

Kontrèman ak dokimantè mizikal tradisyonèl yo, ki souvan chita sou achiv videyo ak temwayaj plizyè entèvenan, “Jay-Z in 8” adopte yon apwòch diferan. Seri a baze sitou sou yon seri konvèsasyon pwofon ant Jay-Z ak Rick Rubin. Pandan uit epizòd yo, de mesye yo ap retounen sou diferan etap nan karyè atis la, analiz tèks chante li yo, evolisyon li kòm kreyatè, ansanm ak vizyon li sou mizik ak pwosesis kreyatif la.

Dokimantè a mete fasafas de pèsonalite enpòtan nan endistri mizik la, ki deja kolabore ansanm nan tan pase, espesyalman sou pwojè ki te gen rapò ak albòm. Relasyon pwofesyonèl yo ak konpreyansyon yo genyen sou kreyasyon atistik la bay seri a yon dimansyon ki pi entim ak reflechi pase yon dokimantè òdinè.

Malgre Jay-Z pa abitye bay entèvyou ki dire lontan ni parèt souvan nan medya yo, fwa sa a li louvri plis sou eksperyans li. Objektif seri a se pa sèlman rakonte chemen li nan hip-hop, men tou fè piblik la dekouvri fason li ekri, reflechi ak konstwi vizyon atistik li.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, “Jay-Z in 8” ap disponib sou HBO nan sezon otòn ane 2026.

🏆 KENDRICK LAMAR RANPÒTE PRI "MEYÈ ATIS GASON HIP-HOP" NAN BET AWARDS 2026Kendrick Lamar kontinye montre li se youn nan ...
06/30/2026

🏆 KENDRICK LAMAR RANPÒTE PRI "MEYÈ ATIS GASON HIP-HOP" NAN BET AWARDS 2026

Kendrick Lamar kontinye montre li se youn nan pi gwo non nan rap ameriken an. Atis la ranpòte pri "Best Male Hip Hop Artist" pandan seremoni BET Awards 2026.

Pou rive pran rekonpans sa a, Kendrick Lamar te depase plizyè gwo konkiran tankou Drake, J. Cole, A$AP Rocky, ansanm ak lòt gwo figi nan rap ameriken an.

Nouvo viktwa sa a vin ranfòse plas Kendrick Lamar kòm youn nan pi gwo referans nan hip-hop sou plan mondyal.

OG-FRESH ZZ PREPARE PREMYE EP LI KI RELE "NOUVOTE"Jèn atis ayisyen OG-FRESH ZZ anonse yon gwo etap nan karyè mizikal li ...
06/30/2026

OG-FRESH ZZ PREPARE PREMYE EP LI KI RELE "NOUVOTE"

Jèn atis ayisyen OG-FRESH ZZ anonse yon gwo etap nan karyè mizikal li ak premye EP li ki pote tit "NOUVOTE".

Malgre atis la poko revele dat ofisyèl pwojè a ap disponib, li fè konnen moman an rive pou l prezante yon travay li kwè ki pral make lespri fanatik li yo. Daprè li, EP sa a ap pote yon nouvo enèji ak yon nouvo direksyon nan mizik li.

Depi anons la fèt, anpil fanatik deja eksprime antouzyasm yo sou rezo sosyal yo, kote yo di y ap tann ak anpil enpasyans pou dekouvri nouvo son ak nouvo kreyasyon atis la.

Pou kounye a, pa gen plis detay sou lis mizik yo oswa dat lansman an. Men yon bagay klè, "NOUVOTE" deja kreye anpil atant nan mitan moun k ap suiv OG-FRESH ZZ.

*Barbara C. Cassamajor ak Wiliadel Denervil briye nan Canadian Selah Music Awards 2026*Mizik gospel ayisyen an kontinye ...
06/29/2026

*Barbara C. Cassamajor ak Wiliadel Denervil briye nan Canadian Selah Music Awards 2026*

Mizik gospel ayisyen an kontinye fè bèl ekla sou sèn entènasyonal la. Nan okazyon Canadian Selah Music Awards (CSMA) 2026, ki te dewoule 27 jen 2026 nan vil Calgary, pwovens Alberta ann Kanada, de chantèz ayisyèn yo, Barbara C. Cassamajor ak Wiliadel Denervil, chak resevwa yon prim ki mete Ayiti anba gwo limyè.

Barbara C. Cassamajor make listwa lè li ranpòte pri "Female Artist of the Year – Foreign Language 2026", yon rekonesans ki salye talan li, fidelite li nan ministè mizikal li, lafwa li ak enpak li genyen atravè mond lan.

Nan yon mesaj li pataje sou rezo sosyal li yo, entèprèt albòm Renouveau a fè konnen prim sa a se rezilta plizyè ane lafwa, detèminasyon ak pèseverans. Ak anpil emosyon, li deklare: "Aswè a, se Ayiti ki genyen." Li pwofite remèsye Bondye, fanmi li, mari li, ekip jesyon li ansanm ak tout moun ki sipòte ministè li depi nan kòmansman.

Bò kote pa li, Wiliadel Denervil te viv yon lòt gwo moman pandan seremoni an lè li ranpòte pri Chanson de l'année gras ak mizik "Wont ou yo", li entèprete ansanm ak Rosena Music. Atis la, ki deja byen konnen pou albòm Victoire au nom de Jésus, eksprime rekonesans li anvè Bondye, manman li, manadjè li Bien-Aimé Samuel, pwodiktè li Salomon Lira Salil, ekip li, mizisyen li yo ak kolaboratris li Rosena Josselin Orys. Li fè konnen siksè sa a se rezilta yon travay kolektif.

Pandan seremoni an, Barbara C. Cassamajor ak Wiliadel Denervil te monte sou menm sèn nan pou prezante yon medley ansanm ak plizyè lòt atis ki soti nan diferan peyi. Prestation yo te mete an valè richès ak enfliyans mizik kretyen frankofòn nan sou plan entènasyonal.

Yon lòt moman ki te atire anpil atansyon se lè de chantèz

Dantor & Ogou : Yon sware espesyal pou kilti ayisyen 11 jiyè nan SarcellesKilti ayisyen an pral anba limyè pwojektè samd...
06/26/2026

Dantor & Ogou : Yon sware espesyal pou kilti ayisyen 11 jiyè nan Sarcelles

Kilti ayisyen an pral anba limyè pwojektè samdi 11 jiyè 2026 a, apati 8è nan aswè, pandan aktivite Dantor & Ogou – La Nuit Sacrée, yon evènman ki vize mete an valè richès atistik ak kiltirèl Ayiti nan vil Sarcelles, nan peyi la Frans.

Nan pwogram nan ap genyen yon defile mòd ayisyen, ansanm ak pèfòmans mizik, dans ak teyat, nan yon anbyans ki pral selebre patrimwàn, kreyativite ak tradisyon pèp ayisyen an. Sware sa a vle rann yon omaj espesyal ak idantite kiltirèl Ayiti, anba tèm : « Ann selebre kilti nou, fyète nou, eritaj nou ».

Aktivite a ap dewoule nan 34 rue de l’Escouvrier, 95200 Sarcelles. Antre a gratis sou envitasyon, epi moun ki enterese yo kapab fè rezèvasyon yo atravè platfòm Bizouk.

Se Radio TV Fanfan Mizik k ap òganize evènman an, avèk direksyon atistik Clermezine Paris. Òganizatè yo pwomèt yon spektak ki pral rasanble tout moun ki renmen kilti ayisyen, atravè yon sware ki chaje ak koulè, emosyon ak fyète nasyonal.














Bonjou, padon, mèsi : yon nouvo chante ak nouvo kolaborasyon pou Céline DionChantèz kanadyèn nan Céline Dion anonse lans...
06/25/2026

Bonjou, padon, mèsi : yon nouvo chante ak nouvo kolaborasyon pou Céline Dion

Chantèz kanadyèn nan Céline Dion anonse lansman pwochen mizik li a ki pote tit « Bonjour, pardon, merci ». Mizik sa a ap disponib sou tout platfòm dijital yo apati 3 jiyè pwochen, dapre sa atis la fè konnen sou rezo sosyal li yo lendi pase a.

Apre li te reyini ak otè-konpozitè Jean-Jacques Goldman pou mizik "Dansons, ki te make retou li sou sèn mizikal la nan mwa avril pase a, Céline Dion chwazi fwa sa a travay ak de lòt kreyatè pou nouvo mizik li a. Mizik « Bonjour, pardon, merci » a ekri pa Ycare, pandan se konpozitè fransè Renaud Rebillaud ki siyen mizik la. Rebillaud deja kolabore ak plizyè atis entènasyonal, pami yo chantè ak rapè fransè a Gims.

Yon lòt non enpòtan nan mizik frankofòn lan, Grand Corps Malade, fè konnen li ta ka patisipe ankò nan pwochen albòm Céline Dion lan. Pandan yon entèvyou li te bay estasyon radyo dimanch pase a, atis la te pale sou diferan pwojè ekriti li genyen pou lòt chantè.

Li te eksplike ke gen posiblite pou li ekri de oswa twa tèks pou pwochen albòm yon gran chantèz ki gen pou monte sou sèn nan Pari pandan sezon otòn la. Kèk segonn apre, li te konfime se Céline Dion li t ap pale a.

Daprè Grand Corps Malade, Céline Dion envite l pou eseye ekri nouvo chante pou pwochen albòm li a, yon pwojè ki ta dwe wè limyè an 2027. Li ajoute ke kèk nan tèks yo deja apwouve epi pwosesis la deja byen avanse.

Sa pa t ap premye kolaborasyon ant de atis yo. Sou albòm Encore un soir, ki te soti an 2016, Grand Corps Malade te siyen chante L'étoile ak Les yeux au ciel. An 2012, sou albòm Sans attendre, li te deja ekri chante

Kabysh mete rasin fanmi ak memwa kolektif an valè nan nouvo mizik li “Sonje”Pòtoprens, 23 jen 2026 — Pou Kabysh, memwa f...
06/25/2026

Kabysh mete rasin fanmi ak memwa kolektif an valè nan nouvo mizik li “Sonje”

Pòtoprens, 23 jen 2026 — Pou Kabysh, memwa fanmi pa sèlman yon sous enspirasyon, men yon eritaj vivan ki kontinye fòme idantite moun. Se vizyon sa a atis la pote nan nouvo mizik li ki rele “Sonje”, ki disponib sou tout platfòm dijital depi 12 jen 2026.

Nan chante sa a, Kabysh envite piblik la retounen sou tras souvni ki make lavi yo. Mizik la jwenn rasin li nan Fonds-des-Nègres, komin kote fanmi manman atis la soti ann Ayiti. Atravè pawòl yo, li fè sonje lavi senp nan lakou fanmi an : konvèsasyon ant granmoun ak timoun, vakans ansanm, solidarite vwazen ak moman pataj ki travèse jenerasyon yo.

Yon kreyasyon ki fèt natirèlman

Dapre yon kominike Kabysh te voye bay medya yo, lide pou chante a te pran nesans nan yon moman espontane. Pandan li te antoure ak kèk pwòch li, ak yon gita nan men l, premye pawòl ak melodi yo te kòmanse pran fòm. Se emosyon ak atachman li ak rasin li ki te sèvi kòm motè prensipal pou kreyasyon an.

Atis la, ki se youn nan manm gwoup Gwolobo, kontinye devlope pwojè pèsonèl li yo paralèlman ak travay kolektif li. Nan demach sa a, li itilize memwa ak eksperyans pèsonèl kòm pwen depa pou eksplore nouvo dimansyon atistik.

Yon omaj pou rasin ak eritaj fanmi

“Pou mwen, Sonje se yon envitasyon pou moun pran tan pou yo sonje sa ki konstwi yo. Chante sa a fè m retounen Fonds-des-Nègres, bò kote fanmi m, bò kote grann mwen ki te konn prepare kafe chak maten pou tout moun. Li raple m ke rasin nou yo kontinye viv atravè souvni nou ak relasyon nou genyen ak lòt moun,” se sa Kabysh fè konnen nan kominike a.

Pi lwen pase eksperyans pèsonèl atis la, mizik la soulve kestyon sou fason souvni yo pa

Fondasyon Maurice A. Sixto Fèmen Pwojè « Renaître à Travers l’Art » la ak Sipò UNESCOPòtoprens, 22 jen 2026 — Fondasyon ...
06/25/2026

Fondasyon Maurice A. Sixto Fèmen Pwojè « Renaître à Travers l’Art » la ak Sipò UNESCO

Pòtoprens, 22 jen 2026 — Fondasyon Maurice A. Sixto òganize seremoni fèmti pwojè « Renaître à Travers l’Art », yon inisyativ ki te benefisye sipò UNESCO atravè Fon Dijans pou Eritaj la. Pwojè sa a te fèt pou akonpaye moun ki afekte pa kriz imanitè k ap frape Ayiti a.

Pandan plizyè semèn, anviwon 20 jèn ki soti nan diferan kan deplase nan zòn metwopolitèn Pòtoprens te patisipe nan divès atelye atistik tankou teyat-fowòm, penti, dans ak slam. Aktivite sa yo te kreye yon espas kote patisipan yo te kapab eksprime tèt yo, devlope kreyativite yo epi pataje eksperyans yo nan yon anviwònman ki ankouraje dyalòg ak refleksyon.

Seremoni fèmti a te bay okazyon pou prezante diferan travay jèn yo reyalize pandan pwojè a. Evènman an te make tou pa temwayaj patisipan yo, pèfòmans atistik ak remiz sètifika ki te salye angajman ak efò yo pandan tout pwogram nan.

Atravè pwojè sa a, Fondasyon Maurice A. Sixto ansanm ak UNESCO te kontribye nan kreye yon espas kote atizay sèvi kòm yon zouti pou ekspresyon, ranfòsman konfyans nan tèt ak rekonstriksyon pèsonèl pou jèn ki ap viv konsekans deplasman fòse yo.

Gaëlle Bien-Aimé ak Cantave.K fè Okay ri ak reflechi ak espektak “Sans Titre”.Dimanch 21 jen 2026 la, imoris Gaëlle Bien...
06/25/2026

Gaëlle Bien-Aimé ak Cantave.K fè Okay ri ak reflechi ak espektak “Sans Titre”.

Dimanch 21 jen 2026 la, imoris Gaëlle Bien-Aimé ak Cantave.K te prezante espektak Sans Titre (SST) nan La Cayenne Night Club, nan vil Okay, devan plizyè santèn moun ki te fè deplasman an pou patisipe nan evènman an.

Aktivite a, ki te òganize pa La Fabrique des Arts, te melanje stand-up ak skètch komik pou abòde divès sijè ki makonnen ak reyalite sosyete a. Pandan premye pati espektak la, de atis yo te pase anba loup relasyon amoure jounen jodi a, espesyalman enfliyans lajan genyen sou relasyon sa yo. Yo te pwofite tou soulve kestyon sou lavi chak jou anpil sitwayen ap mennen nan yon kontèks ki make pa mizè, ensekirite, kriz politik ak inegalite sosyal.

Nan dezyèm pati a, Gaëlle Bien-Aimé ak Cantave.K te reprann pèsonaj ki fè repitasyon yo, Madanm Appolon ak Socrate, pou mete sou pye yon deba politik imajinè sou eve eleksyon yo. Atravè satir ak kritik sosyal, pèfòmans lan te rive kenbe enterè piblik la pandan tout sware a, pandan li t ap ofri moman ri ansanm ak refleksyon sou reyalite peyi a.

#

*Atis Ayisyen yo make gwo prezans nan nominasyon Caribbean Music Awards 2026 yo*Pòtoprens, Ayiti — Endistri mizik ayisye...
06/24/2026

*Atis Ayisyen yo make gwo prezans nan nominasyon Caribbean Music Awards 2026 yo*

Pòtoprens, Ayiti — Endistri mizik ayisyen an kontinye afime enfliyans li sou sèn karayibeyen ak entènasyonal la. Òganizatè Caribbean Music Awards yo fè konnen lis nominasyon pou edisyon 2026 la, kote plizyè atis ak pwojè ayisyen jwenn plas yo nan kèk nan kategori ki pi enpòtan yo.

Nan kategori Atis Konpa pou Ane a, sis non ayisyen parèt sou lis la : Harmonik, Joé Dwèt Filé, Kai, T-Vice, Vayb ak Rutshelle Guillaume. Nominasyon sa yo reflete vitalite ak popilarite mizik konpa a, ki kontinye atire piblik atravè Karayib la ak lòt rejyon nan mond lan.

Ayiti jwenn reprezantasyon tou nan kategori Atis Caribbean Fusion pou Ane a, gras ak Mickael Marabou ak Naïka, de atis ki kontribye nan melanj estil mizikal ak enfliyans kiltirèl karayibeyen yo sou mache entènasyonal la.

Kategori Chanson Konpa pou Ane a a gen yon prezans ayisyèn remakab avèk uit mizik ki jwenn nominasyon, pami yo :

- “4 Kampé II” — Joé Dwèt Filé ak Burna Boy ;
- “Bezwen Ou” — Fridayy ak Joé Dwèt Filé ;
- “Ban’m Tout Afè’m” — Harmonik ak Kenny Haiti ;
- “Can’t Get Over You” — Rutshelle Guillaume ;
- “Ti Manmi” — L-Won ;
- “Kimoun Ou Ye” — Teddy Hashtag ak L-Won ;
- “Pye Sou Kou” — Charlin Bato ;
- “500% Gouyad” — Deejay MJ, Colmix ak DDKeyz.

Sou lis nominasyon yo, evènman Bayo, ki òganize pa Michaël Brun, jwenn yon plas nan kategori Evènman Mizik pou Ane a, pandan DJ ayisyen DJ Stakz ap konpetisyon nan kategori DJ Entènasyonal Gason pou Ane a.

Prezans masiv atis ak pwojè ayisyen yo nan edisyon 2026 Caribbean Music Awards yo montre yon lòt fwa ankò kapasite mizik ayisyen an pou depase fwontyè epi fè pwomosyon kilti nasyonal la sou gwo sèn entènasyonal yo.

Kominote ayisyen an, ansanm ak dyaspora a, envite pou mobilize epi sipòte kandida yo atravè pwosesis












Address

Philadelphia, PA
19143

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Zyenouinfo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share