Pipirit Enfo

Pipirit Enfo Tout enfòmasyon san fòs kote !!!

🛑Yon bagay grav pase nan zòn Jòj Domon nan Jakmèl, kote yon jèn fi 16 lane ponyade manman l, swit ak yon diskisyon yo te...
04/27/2026

🛑Yon bagay grav pase nan zòn Jòj Domon nan Jakmèl, kote yon jèn fi 16 lane ponyade manman l, swit ak yon diskisyon yo te genyen. Enfòmasyon yo fè kwè, manman an tap eseye mete kèk limit nan yon relasyon santimantal pitit la genyen, malerezman sa mal pase .
Bòn nouvèl ! Manman an pa mouri, aktyèlman lap pran swen nan Lopital Sen Michèl Jakmèl.

Pipirit Enfo



04/26/2026

🛑Tande sa kap pase nan kafou. Katèl majistra ki an plas la pap dirije anyen, se Gąng yo kap dirije komin nan.

🛑 Nou konstate dènye tan sa yo, anpil chofè kamyonèt pran plezi yo modifye estrikti machin yo, yon fason pou yo kapab it...
04/26/2026

🛑 Nou konstate dènye tan sa yo, anpil chofè kamyonèt pran plezi yo modifye estrikti machin yo, yon fason pou yo kapab itilize gaz pwopàn nan plas gazolin osnon dyezèl. Sitiyasyon sa kòmanse enkyete anpil sitwayen, sitou sila a yo ki pran kamyonèt pou yo vakye ak okipasyon yo.

Lè nou konsidere enflamabilite🔥 gaz pwopàn nan, èske Leta pa ta dwe pran desizyon pou kanpe pratik sa a ?

Pipirit Enfo

🛑Vy0lanș sou minè || Sitwayen sa a rele Wildor Lebrun, li mare 2 ti fi sa yo nan yon pye bwa pou bat yo, akoz li di yo t...
04/16/2026

🛑Vy0lanș sou minè || Sitwayen sa a rele Wildor Lebrun, li mare 2 ti fi sa yo nan yon pye bwa pou bat yo, akoz li di yo ta vòlè yon telefòn pou li. Li bat yo ak yon gwo bwa 2/4. Sa pase nan zòn Sivadye nan Jakmèl.

04/16/2026

🛑Eskwokri || Sitwayen sa ap rele anmwey sekou pou yon sèten Danger John Wesley ki ta kase ponyèt li ki pran $2 200US nan men l, avèk espwa li ap fè l al Brezil.

⚽️Sezon blanch pou mezon blanch⚽️
04/15/2026

⚽️Sezon blanch pou mezon blanch⚽️

04/15/2026

🛑Vyolans polisyè Jakmèl || Yon polisyè maspinen Dam sa a paske l di " iyo " pandan lap pase.

04/15/2026

🛑Ansyen senatè Joseph Lambert fè konnen, pati politik KONA pèdi 3 manb li nan atak Bąndi yo fè Segen an.

04/14/2026

🛑Abitan Jeremi kouri dèyè ansyen senatè Saurel
Jacinth ki te vin separe kèk papye mil nan vil la.
Pipirit Enfo

🛑Nan lannwit lendi pou rive madi 14 avril 2026 la, yon gwoup G@ng ame mennen yon atak vyolan sou lokalite Segen, nan kom...
04/14/2026

🛑Nan lannwit lendi pou rive madi 14 avril 2026 la, yon gwoup G@ng ame mennen yon atak vyolan sou lokalite Segen, nan komin Marigo, nan depatman Sidès peyi🇭🇹 a.

Pandan atak sa a, endividi ame yo t0uye plizyè manb nan popilasyon an, epi mete dife nan plizyè materyèl lapolis ki te estasyone nan lakou komisarya a, aprè ke polisye ki te sou plas yo te fin dezangaje.


Nap fè sonje, sa gen plizyè mwa depi G@ng yo te voye mesaj pou di wè pa wè yap mache sou vil Jakmèl. E kisa LETA te janm fè pou sak fèt yè swa a pa rive fèt ? ANYEN.

Pipirit Enfo



Address

111th, Plantation Drive
Plantation Drive, FL
33324

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Pipirit Enfo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

  • Want your business to be the top-listed Media Company in Plantation Drive?

Share