06/25/2025
Nou konsyan ke prezidan Jovenel te poukont li pa gen deba sou sa.
Menm Moïse pat avèk Prezidan Jovenel,
Sinon li pa tap asasine fasil konsa andedan lakay li san yon kout bal pa tire.
Sa vle di:
Se pa inosans Claude Joseph map fè remake,
Men nou dwe admèt, se premye moun ki vini devan jij yo ki akize yo de konplisite asasina prezidan Jovenel la.
Lè Ansyen premye minis la di se wont je ki fè yo pa di se prezidan Jovenel Moïse ki asasine tèt li ,
Se di endirèkteman jij yo ap pwoteje sektè finansyè krim nan.
Anpil revelasyon fèt ki fè kwè plis pase 20M dola trafike pou asasine prezidan'an,
Èske sa vle di pa gen okenn tras de lajan Sa'a?
Skaly509 ap raple nou: pandan kadav Prezidan Jovenel te atè a konsta potko menm fèt,
Pierre Esperance deklare Se nan 2 sak BRH prezidan Jovenel te sere lajan mèsenè yo ale avèk li.
Yo arete mèsenè yo, sak lajan BRH sa'a yo pa janm parèt.
Èske jij yo tande moun sa'a yo la jistis Etazini deja kondane ki admèt yo te nan touye prezidan Jovenel Moïse?
Poukisa Antonio Cheramy te di se dènye 18 Novanb prezidan Jovenel ap wè
De fèt li pa wè yon lòt vre?
Antonio Cheramy alyas Don Kato dekri sèn asasina prezidan Jovenel Moïse la, kote li di :
Fann nan kann nan
Kann = Sendomeng kote mèsenè yo pase
Antre nan bannann nan
Bannann= Prezidan Jovenel nèg bannann nan
Boom DEA
Se yon kòmando ki tap di yo se ajan DEA ki te antre lakay Prezidan Jovenel yo asasinel.
Ou pa ta renmen konnen relasyon Don Kato avèk moun ki gen enterè Prezidan Jovenel te koupe kontra yo jij?
Ou pa pa renmen konnen kiyès ki bay lajan touye prezidan jij?
Èske ou tande tout ajan sekirite ki te nan perimèt lakay Prezidan?
Èske ou tande Pierre Esperance ke Joseph Felix Badio mande afwonte plizyè fwa?
Se akize Claude Joseph akize kou dapèl de konplisite asasina prezidan Jovenel la wi
Nou pa konprann sa?
Mwen map swiv tout epizòd
Menm jan avèk Claude Joseph
Pèp ayisyen an bezwen konnen tras lajan ki asasine prezidan Jovenel Moïse la.