11/13/2025
🔴 Yon jèn gason disparèt tou vivan nan komin Abriko!
📍 Jean Witner St Louis, plis konnen anba non “Kalibous”, se yon jèn gason 37 lane ki disparèt nan lokalite Biwòt, 2èm seksyon Balizye, nan komin Abriko depi dimanch 9 novanm 2025.
🕯️ Dapre enfòmasyon fanmi ak zanmi li bay, jèn gason an te al dòmi swa dimanch nan, men depi lè sa a, pèsonn pa rive jwenn okenn nouvèl sou li.
😔 Fanmi li, ki anba gwo enkyetid, fè konnen yo te chèche l toupatou nan zòn nan, men san rezilta. Yo mande nenpòt moun ki ta gen enfòmasyon sou kote li ye a pou kontakte yo oswa fè otorite lokal yo konnen.
🎙️ Nouvèl disparisyon an te konfime nan mikwo nou mèkredi 12 novanm 2025, kote kèk pwòch Jean Witner St Louis (Kalibous) te eksprime kè sote yo epi mande asistans popilasyon an ak lapolis pou ede jwenn li vivan.
🕊️