
07/19/2025
đ Lekol sa nap Gade la se Ăcole Mixte Communautaire de Berly ki twouve l nan 8Ăšm, seksyon kominal Kafou.
Depi plizyĂš lane, lekĂČl sila fonksyone nan yon eta deplorab kote timoun yo manke ban pou yo chita, ak materyĂšl pou yo travay, elĂšv yo grangou, pwofesĂš yo ap travay san touche. Tout tĂČl sou espas la Koule, sa ki bay gwo pwoblĂšm lĂš lapli tonbe. Leta Santral pa sibvansyone lekĂČl la ki ta kapab ede responsab yo kenbe ak angajman yo genyen pou sĂšvi kominote yo kĂČm sitwayen.
DirektĂš lekĂČl sila a ki se Petit Luceide mande direktris a, Madame Sterline Civil, li adrese l ak responsab a, epi minis Edikasyon Nasyonal la, pou prese gade KĂČman yo ta kapab retire timoun yo nan sitiyasyon grav sa a yo twouve yo a pou yo kapab aprann pi byen avan menm lekol la relouvri pou septanm k'ap vini la a pou yo kĂČmanse ane akademik 2025-2026 la yon lĂČt fason.
Si yon moun ta vle sipĂČte tou, ou kapab rele obyen ekri yo soy nimewo sa yo : 37396617 / 42 04 23 68