Buzz 509 Production

Buzz 509 Production créateur de contenu

12/07/2025

President Donald Trump I

11/10/2025

⛔ Minis sante piblik la doktè Sinal Bertrand se sèl minis ( Lavalas ) nan gouvènman tranzisyon an plizoumwen kap fè yon bon travay , ki pa rete chita nan biwo'l ap bay blag ak tifanm , nap tou pwofite few konnen aprè pasaj ouragan Melissa nan peyi a minis lan pat deside chita nan bèl otèl nan pòtoprens ap bwè chanpay men li te pito pran baton pelerinaj li pou’l te mache vizite plizyè lopital , dispansè ak sant sante ki twouve yo nan plizyè depatman nan peyi a nan lide pou te kapab konstate ak 2 nawèl li kisa enstitisyon sanitè yo ap bezwen pou kapab kontinye bay sak ki fèb yo timoso laswenyaj .

Bravo ak minis Sinal Bertrand .

゚viralシfypシ゚viralシ ゚viralシfypシ゚viralシalシ

Charles Michel@joudakreyol

11/10/2025

Kenya : Nairobi I Tris nouvèl

Rezidan nan katye Dandora te sezi , fache ,move aprè yo te dekouvri yon jèn gason ki tap vann p**i li te mete yo nan boutèy kòm si se te ji fwi.

Daprè temwayaj moun nan zòn nan, mesye a tap vann yon likid jòn nan boutèy plastik ki sanble ak mak komèsyal yo itilize pou bwason tankou (Minute Maid) ak lòt ji fwi popilèyo .

Aprè moun nan zòn nan te kòmanse sispèk lè yo te remake sant likid la pat nòmal epi koulè a te twò klè pou yon ji fwi. Lè yo mande machann nan poul te bay esplikasyon sou ji lap vann nan li pat ka bay eksplikasyon moun nan zòn nan te oblije pran desizyon pou ouvri boutèy la pou verifye se lè sa yo te reyalize ke sa pat ji, men se pito p**i.


゚viralシfypシ゚viralシ ゚viralシfypシ゚viralシalシ

11/08/2025

Sondaj I

Kiyès nan 4 pèsonalite sa yo nou wè pèp la ta dwe chwawi ki pou ta vini dirije peyia ?

1 ) Etzer Emile
2) Wilson Jeudy
3) Dominique Dupuy
4) Michel Sukar

Présidence d'Haïti@topfansPrésidence d'HaïtiCEP HAITIARCAHAIE PAM TVHAITI BUZZBuzz 509 Production

11/08/2025

Majistra Wilson Jeudy se sèl magistra ki pi pwòp nan peyia si gen yon lòt konnen li po ko fèt , oubyen nou pa konnen'l , siw konnen yon lòt site non'l , nou ta byen renmen konnen'l ou ka pwoblèm pa'w avèl men fòk ou gen kouraj pou'w di si Ayiti ta gen 100 majistra tankou Wilson Jeudy peyia tap gen yon lòt vizaj .

゚viralシfypシ゚viralシalシ ゚viralシviralシfypシ゚viralシalシ

11/04/2025
11/04/2025

Komisè gouvènman senmak la mèt Venson Francois te pale sou gwo bri li tande kap kouri nan komin nan komkwa ta gen kèk polisye ki ta nan zanmitay ak bandi viv ansanm nan komin Monwi , e polisye sa yo toujou boykote operasyon lapolis konn ap mennen pou ta trake bandi yo .

11/04/2025

Jean Gonzales Diamison Théodore alyas pwofèt Berger Moderne anonse lap kandidatil pou pòs prezidan paske li wè se se'l li menm ki ka retire pèp Ayisyen an nan soufrans .

゚viralシalシ ゚viralシviralシfypシ゚viralシalシ

11/04/2025

| Ouragan Melisa

Minis enteryè a Paul Antoine Bien-Aimé ki te genyen pou’l te vizite komin Tigwav jodi madi 4 Novanm 2025 lan vizit sa anile akoz kontestasyon ki genyen kont katel majistra nan komin nan , daprè kèk manb nan popilasyon an otorite minisipal yo te absan pandan ouragan Melissa , yo pat prezan pou te akonpanye popilasyon an ki te vréman bezwen Sipò yo .

Yo mande pou ministè enteryè ranplase katèl sa .


゚viralシalシ ゚viralシviralシfypシ゚viralシalシ

11/04/2025

📍

JENN ak FANM peyi Dayiti kontinye ale ,Kontinye kraze bèt nou.

Pa okipe okenn moun kap di nou pa enpòtan. Si yon jou mwen gen chans dirije peyi a,map fè tout JÈN yo pale ANGLE,pale PANYÒL,pale FRANSE. Men nou pap jan m lage KREYÒL la ki se lang pa nou a

Mèt André Michel , pòt pawòl SDP

Address

Princeton, IN
08648

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Buzz 509 Production posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Buzz 509 Production:

Share