
05/14/2025
E si Ayiti pran yon kolosal desizyon pou chanje sistèm edikasyon li a ak HarmonyOS + AI?
Mwen fèk retounen soti Lachin, epi pandan m te la, mwen remake 2 bagay enpòtan.
Premyeman, mwen fè yon videyo sou Huawei, yon gwo konpayi teknoloji Chinwa, ak nouvo sistèm operasyon li a, HarmonyOS. Mwen pataje videyo sa a sou Facebook pou pale sou jan li kapab chanje jwèt la.
Pa lontan apre sa, mwen wè yon lòt nouvèl: Huawei pral kòmanse mete HarmonyOS sou òdinatè, ak laptop, epi yo pral vann yo byento.
Se la m panse: E si Ayiti ta mete tèt li ansanm ak Huawei pou mete tout sistèm edikasyon nou an sou pye ankò?
Imajine sa:
Ayiti pran yon desizyon nasyonal pou adopte HarmonyOS nan tout domèn edikasyon. Nou mete lisans sou tout sistèm lan epi nou distribye òdinatè HarmonyOS bay elèv, soti nan jadendanfan rive nan inivèsite, gratis oswa a pri trè ba.
Men nou pa rete la. Nou mande Huawei ak ekip devlopè entèlijans atifisyèl li yo pou kolabore ak pwofesè ak espesyalis ayisyen pou devlope yon platfòm edikatif an kreyòl.
Platfòm sa a ta gen ladan:
Leson entèaktif, videyo, ak sipò entèlijans atifisyèl adapte ak reyalite timoun ayisyen yo.
Fason pou aprann matematik, syans, listwa, lang, tout sa ki difisil, an Kreyòl, ak kontni ki konekte ak kilti nou.
Lyen ak done a tan reyèl, simulasyon, jwèt edikatif, epi videyo YouTube an Kreyòl pou fè aprantisaj la vin plis amizan e fasil.
Epi lata tap chache posiblite pou Ayisyen ki diplome epi kap viv nan diaspora a (prèske 90% ayisyen ki gen yon BS degre deyò peyo a) vin anseye oswa mentò elèv yo en liy, nan tout nivo lekòl. (Primè, segondè, profesyoel ak inivèsité)
Sa pa sèlman zafè teknoloji non map palé la a non, se jistis ak ekité sosyal tou wi Sa tap bay tout timoun Ayisyen chans pou yo reyalize potansyèl yo, pou pa pèdi jou lekol, pou yo edike ak yon sel lang, nan tout rakwen peyi a. Sa tap fini tou ak yon ti klas kap itilisé franse tankou yon zouti pou kontwolé 95% populatsyon an.
IImajiné, Lòt peyi yo gen òdinatè ki sèvi a Google OS, MAC OS e Microsoft. Poukisa Ayiti pa ta ka mennen revolisyon edikasyon an nan Karayib la ak pwòp platfòm entèlijans atifisyèl pa li?
Ann sispann reve piti. Ann inove pou lavni.
Kisa w panse?
Èske Ayiti pare pou l ekri yon nouvo chapit ak HarmonyOS?