08/09/2026
Eleksyon | CEP agreye 15 gwoupman politik pou pwochen eleksyon yo
Petyonvil, 8 dawout 2026 — Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) anonse li bay avi favorab ak 15 sou 18 gwoupman politik ki te enskri nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo. Ansanm, 15 gwoupman sa yo reyini 208 pati politik.
Gwoupman CEP agreye yo se: SOLÈY; Solidarite pou Ayiti Respire (SOL AYITI); COPPOS-Haïti et Alliés (CHA); Ayiti Transfòme; DEBLOKE; Platfòm REKONSILYE (P.R); Debout Patriotes (DPA); En Avant Pour Haïti (EAPH); Debout Citoyen pour la Transformation d’Haïti; LAPEH AK ALYE’L YO; ANFÒS POU SOVE LONÈ; DELIVRANS; MYÈL; VIKTWA; ak KONBIT AK AKSYON POU AYITI BÈL (KAPAB).
Twa gwoupman ki pa jwenn avi favorab CEP a se; Platfòm Politik Gras Pou Ayiti (PPGA), ki gen kòm reprezantan, Mike Onel Marette, Grand Rassemblement National Démocrate (GRAND), ki gen pou reprezantan, Iswick Theophin reprezante, ak Gwoupman Rasanble (RASANBLE), Innocent Joseph kòm reprezante.
Dapre CEP a, twa gwoupman sa yo gen jiska madi 11 dawout 2026, a 5è nan aprèmidi, pou regilarize sitiyasyon yo. An menm tan, pwosesis enskripsyon gwoupman politik yo ap fèt soti 10 pou rive 14 dawout 2026, dapre kalandriye elektoral la.
VOSA Media