
07/10/2025
Pa kite pèsonn pwononse
Nenpòt bagay sou laviw.
Paske pawòl gen anpil
Pouvwa.
Anpil fwa nou ka panse pawòl pa gen twòp enpòtans.
Epoutan, ni sa moun ap di, oubyen sa ou menm wap pwononse sou laviw gen anpil pouvwa.
Pawòl sa yo kapab edew konsa tou, yo kapab detwi ou.
Yon bon egzanp: imajinew BonDye utilize la pawòl pou Li te kreye linivè ak tout sa ki ladanl. Sa se yon gwo egzanp ki montre pwisans la pawòl. Lèw di yon bagay, siw pa ta renmen li rive, korije tèt ou oubyen korije moun ki dil la.
Paske pawòl ka yon malediksyon e li ka yon benediksyon.
â€â€Pwovèb‬ â€18‬:â€21‬ â€di konsa:
“Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.”
Alò, fè anpil pridans a pawòl wap pwononse sou lavi ou oubyen sa wap kite moun pwononse sou laviw.
One love ❤️
Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.