08/31/2026
Depi kèk tan, nou wè kandida k ap monte mòn, manje ak pèp la, òganize rasanbleman jèn, mache ak foul moun dèyè yo, fè bèl diskou sou angajman sosyal, solidarite ak chanjman. Genyen ki te deja la, ki retounen ak menm pawòl yo.
Men lè m pran tan pou m peze diskou yo, mwen pa wè ase fondman sou youn nan pi gwo pwoblèm Gran-Gwav genyen: ekonomi vil la.
Se la vrè politik la ta dwe kòmanse.
Ki pwojè nou genyen pou kreye travay nan Gran-Gwav?
Ki sektè nou vle devlope?
Kijan n ap ankouraje pwodiksyon lokal?
Kijan n ap fè agrikilti, lapèch, komès, transfòmasyon pwodwi lokal ak ti antrepriz vin tounen motè ekonomi komin nan?
Paske reyalite a di anpil jèn fi ak jèn gason nan Gran-Gwav ap viv san travay e yo pa menm rive jwenn ase lajan pou satisfè bezwen debaz yo. Travay ki disponib yo limite anpil, sitou nan sektè edikasyon ak kèk òganizasyon ki prezan nan komin nan. Men sektè sa yo poukont yo pa kapab absòbe tout fòs travay la.
Nou vin nan yon sitiyasyon kote nou pa pwodwi ase, nou pa transfòme ase, nou pa kreye ase richès, epi nou depann anpil de lajan dyaspora a. Menm sou kesyon transfè lajan sa yo, Gran-Gwav gen gwo feblès paske sèvis finansye ak mezon transfè yo pa ase devlope nan komin nan.
Se konsa, olye nou pale de kijan pou kreye ekonomi, nou wè plis pwomès manje, distribisyon ak aksyon asistansyèl.
Wi, ede yon moun manje enpòtan. Men politik ki serye pa dwe sèlman mande: “Kisa m ka ba ou jodi a?” Li dwe mande tou: “Kisa m ka kreye pou ou pa oblije tann mwen chak jou pou manje?”
Se la diferans lan ye ant yon motivatè politik ak yon lidè ki gen vizyon.
Chè kandida yo, pèp Gran-Gwav pa bezwen sèlman wè nou monte mòn. Li bezwen konnen ki kote nou vle mennen vil la.
Nou pa bezwen plis foul moun dèyè nou pou pwouve nou popilè. Nou bezwen plis lide, plis pwojè, plis chif ak plis angajman konkrè sou ekonomi vil la.
Di pèp la kijan n ap kreye travay. Di l kijan n ap relanse pwodiksyon. Di l kijan n ap fè jèn yo rete nan Gran-Gwav pou yo konstwi lavi yo olye yo oblije kite komin nan.
Paske si aprè eleksyon an nou toujou gen menm chomaj la, menm depandans lan ak menm mizè a, tout rasanbleman sa yo pap chanje anyen.
Pèp Gran-Gwav, kale je nou! Pa sèlman mezire kandida yo sou kantite moun ki dèyè yo. Mezire yo sou kantite solisyon yo pote devan nou.
Gran-Gwav pa bezwen motivatè. Gran-Gwav bezwen yon vizyon ekonomik.
✍️ _. Rood Kerby Bruno