Kiyès ou ye? / Qui êtes-vous?

Kiyès ou ye? / Qui êtes-vous? Plateforme de création et de production de contenus à caractère social, éducatif et culturel.

Dans l’objectif de renforcer son équipe, Kiyès ou ye? / Qui êtes-vous? recrute des jeunes volontaires passionnés, dynami...
11/25/2025

Dans l’objectif de renforcer son équipe, Kiyès ou ye? / Qui êtes-vous? recrute des jeunes volontaires passionnés, dynamiques et prêts à s’investir dans un projet apte à impacter et à transformer la société.

Vous êtes jeune, vous vivez aux Gonaïves et vous souhaitez mettre vos compétences au service de votre communauté? Cette opportunité est pour vous!

Pour postuler, remplissez le formulaire en ligne:

https://forms.gle/vrbaX3ehP55YtKmd8

11/23/2025

Bon travèse lejand. Mèsi pou chak nòt, chak akò, pou tout kout men ou te bay mizik ak kilti peyi a.

W ap toujou rete vivan nan kè nou!🕊️

11/22/2025

Se pa lide ki manke, men se fòmasyon ak bon jan konesans solid ki pou ede w estriktire lide yo epi pèmèt yo konkretize. Se pou rezon sa, Hopital Notre Dame SA ba n randevou 13 ak 14 Desanm 2025 lan, nan Oditoryòm Hôtel Le Cosmos pou 5è edisyon sèminè anyèl li: « Apprendre à entreprendre », k ap fèt anba tèm « De rêveur à Fondateur. Le parcours entrepreneurial ! »

Pandan 2 jou, yon latriye moun ki fè prèv deja ap vin pataje eksperyans yo ak konesans yo avè w. Padan 2 jou, yon latriye moun ki fè wout la deja ap lonje lamen pou mete w sou bon wout la.

Klike sou lyen sa, ranpli fòmilè a pou w rezève plas ou:

https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLSdll-OLh2rKRVHWAEZ2sVtUPwuUZy_FJrWSamyGA8QOP0ZtvQ/viewform?usp=header

1974 - 2026, 52 lane aprè, peyi nou kalifye pou dezyèm fwa nan listwa, pou al jwe pi gwo ak pi enpòtan konpetisyon Foutb...
11/19/2025

1974 - 2026, 52 lane aprè, peyi nou kalifye pou dezyèm fwa nan listwa, pou al jwe pi gwo ak pi enpòtan konpetisyon Foutbòl mond lan: KOUP DIMOND!

Sou anviwon 200 peyi ki te nan kous la, Ayiti se youn nan 48 ekip ki pral lite pou pran koup la. Se yon eksplwa. Fyète jouke n, li gagannen n, li kenbe n nan gòj!

Malgre defi, difikilte ak mank yo, seleksyon Nasyonal la te kenbe tèt, li te rete djougann. Li montre, menm jan zansèt yo te fè l 18 Novanm 1803 nan vètyè a, nanpwen pòt kouraj, detèminasyon ak tèt ansanm paka louvri.

Kiyès ou ye? salye gwo tonton akonplisman sa. Nou wete chapo n pou n onore chak jwè ak chak manb nan ekip la kite bay swè yo, fòs-kouraj yo pou fè fyète fleri nan kè nou.

18 Novanm 2025, vètyè bannou resèt la pou n kontinye fè listwa! Ala ti pèp fwonte papa!

̈ti ́

11/17/2025

Vètyè sele kòmansman yon nouvo epòk nan listwa mond lan nan fason l chanbade sistèm sosyal, politik ak ekonomik ki te anplas yo. Anplis, li mete an kesyon tout sistèm panse filozofik ak etnosantrik ki t ap taye banda nan epòk la.

Kòman l te rive fè sa? Kisa k fè n ka konsidere Vètye tankou yon evènman ki enstore yon nouvo lòd nan lemond?

Kiyès ou ye? reponn kesyon sa yo nan videyo tou nèf sa. Klike pou w gade!

’histoire ́ ́moirecollective

11/10/2025

« Peau noire, masques blancs » de Frantz Fanon est une invitation à nous défaire des chaînes et des blessures invisibles du colonialisme. C’est aussi un appel à repenser notre humanité, à réapprendre à être: sans masque et sans peur.

Klike pou n pale!

Bon rekòt Lavi ak youn nan sipòtè enkondisyonèl nou yo, Chéalthiel Noel! Medsen, Famasyen, Moun nan tout dimansyon mo a....
11/09/2025

Bon rekòt Lavi ak youn nan sipòtè enkondisyonèl nou yo, Chéalthiel Noel! Medsen, Famasyen, Moun nan tout dimansyon mo a.

Limyè ak enèji pou rès wout la!✊🏿

Merci de faire partie de mes followers les plus actifs ainsi que de ma liste hebdomadaire des interactions ! 🎉Mylee Quee...
11/04/2025

Merci de faire partie de mes followers les plus actifs ainsi que de ma liste hebdomadaire des interactions ! 🎉

Mylee Queen, Roselie Estavien, KoloMarkenson Jean, Adelande Pierre, Jodanès Tide, Cadet Richeken, Woodman Wood Darius, You Le Sage Noel, Louis Cheltone Hubert, Chéalthiel Noel

11/04/2025

Pandan l ap raple nou dwe mete tèt ansanm pou n leve eskanp figi vil la, Kiyès ou ye? swete yon bon fèt Senchal Bowome ak tout pitit vil Gonayiv alawonnbadè.

Ps: Yon gwo kout chapo pou AGOM ki inogire 2 bèl antre nan antre nò ak sid vil la.

10/29/2025

Sou 29 lane diktati Duvalier yo, plis pase 20% nan popilasyon a lepòk te kite peyi a. Yon bon pati, pou rezon politik pou chape anba prison ak lanmò, yon lòt pati pou rezon ekonomik, pou chape poul yo anba mizè ak grangou. Klike pou n pale!

́

10/22/2025

S’il pleut sur ta ville, ton cœur a sûrement froid. Kiyès ou ye? t’offre une tasse de poésie pour te le réchauffer.

©️Texte : Auguste, R. (2023). Voyages pour égorger la nuit. Prix Amaranthe 2022. C3 Éditions.

́sie ́rature ́

10/18/2025

17 Oktòb 1806 -17 Oktòb 2025 : 219 lane depi yo sasinen papa nasyon an, Jean-Jacques Dessalines. Se yon devwa pou n sonje kilès potorik gason sa te ye epi lite koutkekout pou n fè lide l yo ak vizyon l yo pran vi pou yon pi bon Ayiti.
Kiyès ou ye? ap toujou la pou fè n sonje.

́

Address

Windy Hill Rd
Smyrna, GA
30080

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Kiyès ou ye? / Qui êtes-vous? posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share