09/24/2026
IZOLAN TROUVÈL NAN VAS KANPAY DE DENIGREMAN SAN FON FAS YON EKIP DETRAKTÈ.
Sa fè lontan depi atis Izolan vin rete nan vil Okap. Li stab nan seksyon Bandi Nò, e sa fè yon bon ti tan depi plizyè gwoup moun sou rezo sosyal yo chwazi denigre atis la san okenn prèv, kote yo lage tout kalite koze, tankou lide k ap sikile ke li ta gen misyon pou li ame tout jèn nan vil la.
Nou menm nan Vibration Info, nou pa remake akizasyon sa yo gen fondman, paske se sosyal li fè nan vil la. Izolan rantre nan plizyè katye popilè nan vil la, li fè plas ki gen teren foutbòl, baskètbòl, epi li bay jèn yo sipò pou yo ka distrè yo. Nan yon seri lòt zòn, li akonpanye jèn yo pou yo rantre lekòl, kote li bay valiz elatriye. Izolan menm deklare li te ede majistra vil la achte bako pou netwaye vil la yon lòt aksyon ki koresponn ak sa nou menm nou te konstate l ap fè sou teren an.
Yon sèl kou, pou yon rezon pèsonn pa konnen, yon gwoup moun sou rezo sosyal yo mande pou atis la kite vil la, sou baz l ap ame jèn sa ke nou pa wè. Jiskaprezan, pa gen okenn otorite ofisyèl ni polis, ni jistis ki pran pozisyon sou zafè sa a. Se sèlman gwoup moun sou rezo yo k ap fè deklarasyon sa yo, san yo pa janm prezante yon sèl prèv konkrè.
Gen moun ki estime gen yon lyen politik dèyè kanpay sa a, akoz kèk desizyon politik Izolan te pran kont ansyen prezidan Jovenel Moïse pandan li t ap dirije peyi a. Nan sans sa a, moun k ap benefisye kanpay denigreman an se moun k ap mennen l yo menm pa vil la, ki gen tandans pèdi nan zafè sa a.
Nou estime se yon kanpay pou dénigre atis la, epi fè l pè, pou l kite peyi a. Nou nan Vibration Info wè son sa a kòm yon son ki pa nòmal.
Nou vle relate fè a jan sa ye a, e nou mande moun k ap fè aksyon sa yo pou yo vini ak bon prèv pou soutni akizasyon yo, si se pa politik y ap fè. Si yo pa ka vini ak prèv konkrè, yo dwe sispann ak denigreman sa yo, pou kite atis la fè travay li. Paske detwi yon moun san okenn prèv, jan sa a, pap bon ni pou atis la, ni pou peyi a.
Nou vle fè yo konnen tou: si yo detwi atis la san okenn prèv, se peyi a y ap detwi. Li pa posib pou kalite aksyon sa yo kontinye ap fèt nan sosyete a.
An konklizyon, nou fè yon apèl ak konsyans, epi rekonsiliyasyon, pou nou chanje peyi a, paske twòp pitit peyi a mouri twò mal nan sans sa yo, twòp pitit peyi a kouri kite l nan sans sa yo. Li lè, li tan pou nou mete tèm "linyon fè lafòs" an pratik, pou nou ka gen yon lòt peyi.