08/21/2024
𝐊𝐢 𝐤𝐨𝐭𝐞 𝐰 𝐤𝐚 𝐚𝐥𝐞 𝐚𝐤 𝐲𝐨𝐧 𝐎𝐭𝐨𝐫𝐢𝐳𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐕𝐖𝐀𝐘𝐀𝐉 𝐬𝐨𝐮 𝐓𝐏𝐒?
Lòtjou, gen yon zanmi ki di m, li pra l fè otorizasyon vwayaj pou l fon rive Canada, lè m mande l si l gen viza Canada, li di m NON. Pòs sa, se egzakteman repons mwen te ba li. [li tout].
Yon otorizasyon vwayaj otorize w vwayaje nan peyi orijin ou sèlman. Vwayaj ou nan yon lòt peyi egzije ou genyen viza oswa rezidans nan peyi sa. Sèlman si paspò ayisyen ki nan men w lan pèmèt ou antre nan peyi sa san viza. Menm si se Canada oswa Meksik ki tou pre a, ou p ap kapab. Otorizasyon ki nan men w lan pèmèt ou antre nan peyi w, men li pa ba w aksè antre nan lòt peyi.
Nòmalman, si se pou Ayiti, ou pa t menm bezwen otorizasyon pou w vwayaje. Peyi w se pou ou, ou antre lè w vle. Sou pwen sa, otorizasyon yo ba w la, se pa pou w antre nan peyi w. Men se pou w ka retounen Etazini aprè. Relasyon w ak peyi w se yon lyen sakre, pèsòn paka anpeche w antre lakay ou paske lakay se lakay. Si se pou sa, ou ka deside antre nan peyi w lè ki fè w plezi. Pwoblèm nan se kijan w ap fè retounen etazini aprè. Se la “Travel Authorization” nan antre nan jwèt la, paske l garanti w soti ak antre.
𝐋è 𝐰 𝐟𝐢𝐧 𝐠𝐞𝐧 𝐨𝐭𝐨𝐫𝐢𝐳𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐯𝐰𝐚𝐲𝐚𝐣 𝐨𝐮, 𝐠𝐞𝐧 𝟐 𝐛𝐚𝐠𝐚𝐲 𝐩𝐨𝐮 𝐰 𝐝𝐢 𝐭è𝐭 𝐨𝐮 𝐚𝐯𝐚𝐧 𝐦𝐞𝐧𝐦 𝐨𝐮 𝐯𝐰𝐚𝐲𝐚𝐣𝐞:
1️⃣- Depi se otorizasyon w ap mande pou w vwayaje, sa vle di ou pa granmoun vre. Se la desant ou fè kay moun yo. Si w pra l fè jou deyò, se nòmal pou w jwenn otorizasyon yo pou w ka soti. Sinon, w ap jwenn pòt la fèmen lè w ap antre. Se sa ki rele soti ak lonè respè. Sa vle di, si yo otorize w fè 3 semèn sèlman, pa fè plis, sinon, y ap lock ou deyò.
2️⃣- Yon otorizasyon vwayaj se yon benefis ou jwenn anba yon kouvèti estati imigrasyon, men li pa yon estati pou tèt li. M te di w nan yon ansyen piblikasyon, ou ka gen plizyè estati nan sousi pou w gen plis pwoteksyon nan peyi a. Sa vle di, si w gen Azil, ou ka gen TPS tou. Sepandan, ou dwe sonje yon moun ki sou azil pa dwe kite teritwa ameriken an tout tan azil li “Pending”. Sa ki lojik paske majorite demand Azil ayisyen fè yo se pou koz pèsekisyon politik. Nan sa ka, si w ka monte/desann nan peyi w lè w vle, pagen rezon pou yo kontinye pwoteje w paske peyi sa pa reprezante yon danje pou ou ankò.
Kidonk, menm si ou ka vwayaje gras ak TPS, ou dwe fè anpil atasyon paske sa ka fè w pèdi estati azil ou a. Pa bliye, TPS se yon estati tanporè e li paka renouvle tèt li. Lè sa, ou vin vilnerab. Si aprè 18 mwa, gouvènman an pa deside redeziye ayiti (sa nou pa swete), sa ka mete w sou depòtasyon paske ou pèdi pwoteksyon azil la.
Sa w dwe konnen, TPS pèmèt ou vwayaje deyò peyi a, men pou Azil, ou sèlman ka vwayaje anndan peyi a. Nan ka sa, sa ki pi senp ou ka fè, si w sou Azil ak sou TPS an menm tan, avan menm ou pran desizyon vwayaje deyò peyi a, mwen konseye w pale ak yon avoka pou w rasire w ou pran bon desizyon. Talè w tande w vwayaje, epi w tou depòte tèt ou.
Pa fè chich avè l, pataje l pou ede yon lòt.
Konesans se Richès
Rechèch ak Redaksyon : Alce MK Henry