12/10/2025
Flash ! Lapolis nan Komin Delma rive mete Joassaint Paillant.
Selon enfomasyon otorite nan PNH yo pataje , Joassaint te rive rache yon mesye ki rele Bissette nan zone silèg ki sitiyel nan 3em seksyon Komin tirivyè,nan depatman Nip. Aprè aksyon sa Paillant tal maron potoprens jiskaskel te gentan rive nan peyi Sendomeng yo depotel, 15 jou aprè depotasyon an Joassaint al kache delma 95, gras ak ekip PNH nan depatman Nip ki konnekte ak polisye nan delma, yo rive mete li anba kòd.
Pou kounya Joassaint Paillant ap reflechi nan komisarya delma 62 pou swit legal pou li ka rantre nan depatman Nip.
Nb: Nap fèw konnen aprè aksyon sa te fin pase Joassaint Paillant te pwomèt lèl retounen nan Komin tirivyè li gen 3 moun poul elimine, aprè deklarasyon ak aksyon sa a, Komisè Muscadin tap chachel tankou tè sèch ki bezwen lapli.
𝕆𝕡𝕥𝕚𝕞𝕚𝕤𝕥𝕖 𝕚𝕟𝕗𝕠𝕤