Wangy Pierre

Wangy Pierre God first

Yon jou, ou pral gade dèyè epi w ap di:Mwen byen kontan mwen pa t kite pè anpeche m pran vòl.
07/08/2026

Yon jou, ou pral gade dèyè epi w ap di:
Mwen byen kontan mwen pa t kite pè anpeche m pran vòl.

Rèv ou dwe toujou pi wo pase kote ou kanpe jodi a.Gen moun ki wè yon bèl vil. Gen lòt ki wè yon bèl view. Men gen moun k...
07/08/2026

Rèv ou dwe toujou pi wo pase kote ou kanpe jodi a.

Gen moun ki wè yon bèl vil. Gen lòt ki wè yon bèl view. Men gen moun ki gen rèv wè pi lwen pase sa je yo ka wè.

View sa a fè m sonje yon verite: plis ou monte, se plis vizyon ou vin klè. Men ou pa janm rive sou tèt san efò, san sakrifis, san moman kote tout moun te panse ou pa t ap reyisi.

Pa janm sispann reve. Paske se rèv ou ki fè ou leve chak maten, ki fè ou kontinye mache menm lè w fatige, e ki pouse w rive nan kote ou pa t janm imajine.

Yon jou, lavi w ap sanble ak view sa a. Ou pral gade dèyè epi w ap wè tout obstak ou te simonte pou rive la.

Pa kite pè fè w rete anba. Kontinye monte. Kontinye kwè. Kontinye reve. Paske siksè toujou kòmanse ak yon rèv. ❤️

07/07/2026
07/01/2026

Yon Ti Vizit Devan Mezon Blanch lan 🇺🇸 | Ann Dekouvri Washington, D.C.

Byenveni nan yon lòt bèl avanti! 🇺🇸

Jodi a, m ap mennen nou fè yon ti pwomnad devan Mezon Blanch lan, youn nan kote ki pi popilè Ozetazini. N ap wè moun k ap mache, touris ki soti toupatou nan mond lan, fanmi k ap pran foto, ak bèl anbyans ki genyen chak jou nan kè Washington, D.C.

Si w renmen dekouvri nouvo kote oswa w toujou reve vizite kapital Etazini, videyo sa a se pou ou!

📍Washington, D.C., Etazini

Pa bliye renmen videyo a, kite yon kòmantè, epi swiv paj la pou plis vwayaj ak bèl dekouvèt!

06/24/2026

Sèlman chache gen bondye nan laviw ak lajan nan pòch ou, apresa tout lòt yo ap vini pou kont yo

Address

Washington D.C., DC

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Wangy Pierre posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share