11/06/2025
Èske lekòl la se yon espas ki vrèman prepare timoun pou aprann ? Nan videyo sa a, Guiseley Vixamat, anseyan e sitwayen angaje, mete limyè sou yon sijè ki souvan neglije nan sistèm edikatif la: santé mantale. Li montre kijan timoun ak pwofesè ap pote chay emosyonèl chak jou, e kijan sa gen enpak sou aprantisaj ak kalite ansèyman. Avèk done ki sòti nan OMS ak UNESCO, li envite nou reflechi sou wòl nou kòm paran, pwofesè, ak sitwayen pou nou bati lekòl ki gen kè, kote tout moun santi yo respekte, tande, e soutni.
Klike sou lyen sa pou w gade tout videyo a.
https://youtu.be/UMopKzWOYus