06/08/2026
Patrice Dumont Fè Mizopwen Sou Kontwovès Ki Te Antoure Entèvyou Ak Bellegarde
Port-Au-Prince, HAITI — Jounalis ak analis espòtif ayisyen Patrice Dumont pran lapawòl pou klarifye yon sitiyasyon ki te kreye anpil diskisyon sou rezo sosyal yo apre match seleksyon nasyonal Ayiti a kont Pewou, nan kad preparasyon ekip la pou pwochen etap kalifikasyon Mondyal la.
Nan yon deklarasyon piblik, Dumont eksplike ke ensidan an te rive pandan li t ap fè kouvèti match la pou AyiboTV ansanm ak jounalis Paul Prudent. Daprè li, li te pwoche jwè Bellegarde pou yon entèvyou apre match la, men yon manm estaf teknik la, Casimir, te mande jwè a rantre nan vestyè a ansanm ak rès ekip la.
Sitiyasyon an te bay nesans ak anpil espekilasyon sou entènèt, sitou apre kèk analiz Dumont te fè sou pèfòmans Bellegarde nan dènye mwa yo.
Yon Opinyon Ki Chita Sou Analiz
Patrice Dumont raple ke wòl li kòm jounalis ak analis mande l bay opinyon li avèk onètete, menm lè opinyon sa yo ka pa fè tout moun plezi.
Li fè konnen kritik li te fè sou Bellegarde apre match kont Nouvèl Zeland la te baze sou obsèvasyon pèsonèl li sou dezyèm mwatye sezon jwè a. Li ensiste sou lefèt ke analiz sa yo pa retire anyen nan kalite ak kapasite jwè a.
Li presize tou ke lè li te di Bellegarde pa t gen plas li nan "ekip la", sa li te vle di se te nan onz (11) depa ekip la, yon deklarasyon ki, selon li, te mal entèprete pa kèk moun ki te sèlman wè ekstrè videyo ki t ap sikile sou rezo sosyal yo.
Klarifikasyon Apre Dyalòg Ak Moun Ki Konsène Yo
Dumont revele li te pale ak Casimir de fwa apre ensidan an. Premye konvèsasyon an te fèt sou teren an apre match kont Pewou a, pandan dezyèm nan te fèt nan telefòn gras ak entèvansyon Peterson Desormeau.
Selon Dumont, Casimir eksplike l ke desizyon pou fè Bellegarde rantre nan vestyè a pa t gen okenn rapò ak kritik ki te fèt sou jwè a. Olye de sa, objektif la te kenbe ekip la konsantre sou preparasyon li yo. Casimir te menm prezante eskiz li si aksyon an te bay yon move enpresyon.
Jounalis la fè konnen li te genyen tou yon konvèsasyon dirèk ak Bellegarde atravè Peterson Desormeau. Daprè li, echanj la te fèt nan yon klima respè ak kordialite. Bellegarde ta fè konnen li pa gen pwoblèm ak kritik an jeneral, yon atitid Dumont salye kòm yon siy matirite pwofesyonèl.
Konsantrasyon Sou Objektif La
Nan deklarasyon li a, Patrice Dumont lanse yon apèl pou tout fanatik yo konsantre sou objektif prensipal la: sipòte Grenadye yo pandan y ap prepare pou pwochen rankont enpòtan yo, espesyalman match kont Ekòs la.
Li eksprime konviksyon li ke ekip nasyonal la gen ase talan ak kalite pou kreye sipriz sou sèn entènasyonal la si tout moun rete ini dèyè menm objektif la.
Dumont fini pa remèsye anpil sipòtè ki te pran pozisyon pou defann entegrite pwofesyonèl li pandan peryòd kontwovès la.
"Nou bezwen konsantre tout enèji pozitif nou sou ekip la. Grenadye yo gen kapasite pou fè yon gwo pèfòmans, e se sa ki dwe mobilize nou tout," li te deklare.
Marc Andre Jean - The Clarity Times