Lekout Enfo

Lekout Enfo Lekout Enfo📷 se yon medya an liy🎤ki dedye pou bay enfòmasyon🗣 ak transparans 🎧📚nan tout sektè, espesyalman nan gouvènman ak administrasyon piblik la.

Nou vize pataje nouvèl, analiz, ak resous ki ede piblik la konprann pwoblèm enpòtan yo.🔉✍️

📢Samdi 20 septanm 2025 la nan okazyon Jounen Anperè Jean Jacques Dessalines lan gouvènman Ayisyen an te rann yon vibran ...
09/21/2025

📢Samdi 20 septanm 2025 la nan okazyon Jounen Anperè Jean Jacques Dessalines lan gouvènman Ayisyen an te rann yon vibran omaj bay fondatè nasyon an.

"Jodi a, li ta gen 267 an. Malgre yo te asasinen l trajikman nan dat 17 oktòb 1806, a laj de 48 an, non li, travay li ak sakrifis li kontinye klere nan memwa kolektif la epi rezone nan nanm yon pèp antye," se sa Biwo Premye Minis la te ekri.

09/20/2025

📢 Ou menm jèn foutbolè ki viv nan State Florida Etazini🇭🇹 ki ap chache yon klèb foutbòl pou entegre referans lan se Florida Badgers FC rele yo nan 305 9889 700 561,806 8569 pou plis enfòmasyon.

09/20/2025

📢⚽️Seyans✅️ antrènman timoun ki fè pati Florida Badgers akademi foutbòl Klèb la nan Florida Etazini🇺🇸espesyalman nan vil Boynton Beach rele yo depi jodia pou enskri pitit pa ou a 561 806 8569

📢 ✍️Sa se tout mwayen de kontak ou kapab itilize pou pale ak administrasyon Florida Badgers akademi foutbòl Klèb la,rele...
09/20/2025

📢 ✍️Sa se tout mwayen de kontak ou kapab itilize pou pale ak administrasyon Florida Badgers akademi foutbòl Klèb la,rele yo oswa ekri yo pou enskri pitit ou a espesyalman moun ki ap viv nan Florida Etazini.🇺🇸

09/20/2025

📢Yon Gwoup militan zam nan men deside pran lari nan vil Gonaïves jodi vandredi 19 septanm 2025 la pou mande jistis pou Wilford Ferdinand alias Tiwil ki te asasine pa Lapolis national Dayiti nan vil Gonaïves nan dat ki te 16 septanm 2025 la.

📢 Kontwole fenomèn detansyon prevantif pwolonje a, jere dosye tè yo, epi retabli relasyon ant biwo pwokirè a ak avoka yo...
09/20/2025

📢 Kontwole fenomèn detansyon prevantif pwolonje a, jere dosye tè yo, epi retabli relasyon ant biwo pwokirè a ak avoka yo se sa nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan mèt Fritz Patterson Dorval te prezante kòm pwojè li gen entansyon reyalize nan jiridiksyon li a pandan yon konferans pou laprès vandredi 19 septanm 2025 la nan biwo pwokirè Pòtoprens lan nan Delmas 75.

📢 Ayiti🇭🇹: Nan yon nòt Anbasad Ameriken an ki sitiye nan Pòtoprens nan kapital peyi Dayiti a pibliye sou kont X li jodi ...
09/20/2025

📢 Ayiti🇭🇹: Nan yon nòt Anbasad Ameriken an ki sitiye nan Pòtoprens nan kapital peyi Dayiti a pibliye sou kont X li jodi Vandredi 19 septanm 2025 la fè konnen Sèvis Ankèt Entèn Etazini an deja sezi plis pase 23 000 zam ak nakotik ki te destine pou antre an Ayiti ane sa a.

📢Ayiti🇭🇹: Leta abandone nou, nou gen plizyè mwa ap viv nan kondisyon dezagreyab sa nan Meyotte 37 san dlo, san manje, sa...
09/19/2025

📢Ayiti🇭🇹: Leta abandone nou, nou gen plizyè mwa ap viv nan kondisyon dezagreyab sa nan Meyotte 37 san dlo, san manje, san oken asistans sa se 576 moun ki te sove anba vyolans gwoup ame yo nan Kenscoff deklare jodi jedi 18 septanm 2025 la e profite mande sekou ak moun ki vle ede yo.

📢Komin Monwi: Aprè Lapolis fin touye 3 manm bandi nan baz bandi Delije a sou komin Monwi nan lannuit mèkredi 17 septanm ...
09/18/2025

📢Komin Monwi: Aprè Lapolis fin touye 3 manm bandi nan baz bandi Delije a sou komin Monwi nan lannuit mèkredi 17 septanm 2025 la jodi jedi 18 septanm 2025 la rès bandi yo mete dife nan komisarya Monwi a vè 7 è nan maten sa ki lage yon gwo tansyon nan komin nan pami 3 bandi sa yo chèf baz la Gens alias Tibab fè vwayaj pou peyi san chapo.

Rete konekte ak Lekout Enfo pou plis detay.🙏

09/18/2025

📢Mwen poko lanse rezolisyon mwen jis ap fè yon travay sansibilizasyon pou jèn Ayisyen parèy mwen yo reveye yo. Se sa jèn tiktokè Ayisyen an Minèl deklare nan kad yon interview li t ap fè ak Pastè Reno. ⬇️⬇️⬇️

09/18/2025

📢Depatman Latibonit: 14 moun mouri 2 moun blese se bilan yon aksidan ki fèt nan Lokalite Jeanton tou prè vil Saint-Marc jodi mèkredi 17 septanm 2025 la vè 11è nan maten aksidan sa rive fèt koz yon trelè ki pèdi fren ki monte sou yon kamyonèt ki t ap transpòte moun sa yo.

✍️ Lekout Enfo

Address

1117 Windsor Avenue
West Palm Beach, FL
33401

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Lekout Enfo posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share