23/07/2025
💥🇺🇦 Ukraine souke anba manifestasyon apre nouvo lwa Zelensky a sou kontwòl anti-koripsyon
📍 Kyiv, 23 Jiyè 2025 | Yon kriz politik ap ouvè ann Ukraine, kote dè milye de sitwayen desann nan lari pou manifeste kont yon nouvo lwa kontwovèsyal prezidan Volodymyr Zelensky mete sou pye, ki bay Prokirè Jeneral la plis pouvwa sou tout ajans anti-koripsyon yo.
📜 Kisa nouvo lwa a di ?
Parlament Ukrainyen an adopte yon lwa ki fè Procureur Jeneral lan gen kontwòl total sou NABU (Biwo Anti-Koripsyon Nasyonal) ak SAP (Procure Antikoripsyon Espesyal).
Depi kounye a, li kapab :
* Swiv tout ankèt NABU ap fè,
* Mande dosye espesifik yo louvri,
* Apwouve akò koupabilite ak aksizasyon.
Epi pandan lè lwa marisyall lan (lagè a) kontinye :
* Li ka nonmen oswa revoke nenpòt procè,
* Fè chanjman nan ajans yo san okenn eksplikasyon.
⚠️ Repons Inyon Ewòp la
Guillaume Mercier, pòtpawòl Komisyon Ewòp la deklare :
> “Ajans sa yo esansyèl pou reform yo ann Ukraine. Yo dwe rete endepandan si peyi a vle konbat koripsyon epi kenbe konfyans pèp la.”
🔍 Kisa sa vle di pou avni Ukraine ?
Kèk obsèvatè wè sa tankou kontwòl otoritè gouvenman an, kote pouvwa egzekitif la vin mete men sou s yon sistèm anti-koripsyon endepandan ki la pou siveye e tradwi lajistis tout move zak manb gouvenman an. Manb enstisisyon an panse Zelensky ap chèche pi bon kontwòl sou sistèm lan pandan lagè kont Larisi a ap kontinye.
---
📢 Radio Télé King ap suiv dosye a
Nap kontinye swiv sitiyasyon an, paske kesyon koripsyon, reform, ak pouvwa gouvènmantal pa janm dekonnekte ni pou Ukraine, ni pou Ayiti.
Ou panse eske Ayiti ta dwe gen ajans anti-koripsyon ki totalman endepandan tou ?
Pataje opinyon w anba a.
📲 Swiv nou sou WhatsApp, Facebook ak Instagram pou plis detay.
Source vidéo : RT