09/01/2026
🚨⚽ FINAL LIGUE DES CHAMPIONS
🏆 Bon Ginen pat jwe final la—Ti Magali jwenn tit la sou tapi vèt!
Final 4èm edisyon Ligue des Champions, ki te dwe mete ekip Bon Ginen anfas Ti Magali, pa t rive jwe jan li te prevwa a.
Dapre règleman ki te etabli pou konpetisyon an, Atik 9 presize nenpòt jwè ki rive nan 3 katon jòn avan final la, si li poko fin purje sispansyon li, pa kalifye pou patisipe nan final la.
Nan ka sa a, jwè Roudjeri te deja akimile 3 katon jòn, sa ki te mete l anba sispansyon dapre règleman konpetisyon an. Sitiyasyon sa a te lakòz gwo dezakò avan final la, epi ekip Bon Ginen te deside pa jwe match la.
Apre sa, Fédération Baz Montana pran desizyon li epi li deklare Ti Magali chanpyon sou tapi vèt, sou yon rezilta 3-0. 🏆⚽
📌 Kesyon an rete: Èske desizyon federasyon an te jis, lè règleman konpetisyon an te deja prevwa sanksyon pou yon jwè ki rive nan 3 katon jòn avan final la?
🗣️ Kisa nou panse?
Èske Bon Ginen te gen rezon pou l pa jwe final la, oswa èske ekip la te dwe aksepte desizyon an epi jwe san Roudjeri?
💬 Bay opinyon pa nou nan kòmantè yo!
#
Ville Pignon Média
Nou se referans lan