05/03/2022
Partie 12. Istwa’m ak yon militan politik
Dat kay la mennage mwen an , te rive bout. Pou’m tal ede’l brote zafè’l yo, pou kont mwen m patap kabap , se kèk nan mesye kòlèg travay mwen yo, m te pran pou tal ede’m , men , an menm tan pou te evite deblozay fèt , paske katye sa, te tounen yon pwazon pou mwen depi aprè’n te fi’n arete militan ak tout akolit liyo , son sitiyasyon kite koz , mennage mwen panike ampil, men kòm , militan tap jwe kwen nan panse’l pou’l ta rive mete do boubout mwen atè, sate fèm pat trò inkyete pou sekirite manzè, e , menm mennage mwen te rive dim: « Papi , militan panse’l intèlijan?, li panse’l ka desan’n pantalèt mwen ?, li panse’l ka jwe nan afè’w la??? , map fèl tounen yon ti bwat jwèt , poul apran’n respekte fanm mou’n… »
Jou nap brote-a, tout baz militan Taki , kampe ap gade , nèg yo ap mange dan, épi yap voye ti paròl piman bouk, men nou pat pran nan provokasyon sa, sèl bagay nou tap veye , se ti chante « LÈM KOUPE MADAN POLIS KÈM KONTAN…»
Erezman pou Taki ak tout akolit liyo , pat chante’l, sete sèlman sa nou tap tann pou’n te mete s*k sou bonbon nèg yo.
Pandanm kouche akote boubout mwen, telefò’n li son-nen , lèm gade se , numéro militan ki monte, m pase chéri - ya, telefòn nan , fòw ta la, ap koute , pouw ta sezi tande ochan santimantal misye , militan tombe pale fransè,tankou se jako kap fòse pale , m tèlman ap riii, boubout mwen, te anvi rakroche, men m fèl kite’l Taki pale ,jiskaske minit li fini.
Militan, fè yon demwazel rele mennage mwen, pou’l dil « kite Nèg mou’n , si non , se sou pil fatra yap gen pou ramase’w...»
Sapat pote mennage mwen bien, men kòm li fèm konfyans sate koz li trankil , poum, retire’l nan dout, pandan menm lap eksplike’m sak sot passé-a, m pran telefòn mwen , m d’il « Ti doudou, kompoze numéro-a, e tande sa moun nan ap diw » . Lel fe apèl la , dam nan reponn, ap mande « Kiyès sa ???…» depi la, ouka gentan wè sete yon plan bien monte.
Nan kasa ,se tout bon , Taki vle kraze relasyon’m, si’l
Ka rive nan nivo sa ap fè grosè plan sa, pou kraze relasyon’m ak mennage mwen.
San pèdi tan, m fè mennage mwen ivante yon istwa , bay misye kembe, pou fèl kwè, m gen fanm kap menase’l, donk , tout sa’l, ta swete fè konnya se kite’m , paske’l paka mete vi’l an dange . Taki kontan paske’l gentan wè , sal te vle-a fèt, e plan pal la reyisi.
M fè mennage mwen, bay misye orè, lè pou’l, rele’l , yon fason, poum fè Taki komprann, se tout bon fanm nan vle kite’m, m’en tout orè’w tande-a!!! se toujou nan lè map akote mennage mwen, paske juskaprezan demwazèl la pa vle trò alèz pou jwe jwèt sa.
Erezman, pou mwen, jan’m vle, jwe jwèt la , se konsa lap bien mache pou mwen.
M kwaze ak militan, pandan map travay , misye gen yon fason , li fè figil, lè’l wèm , tankou’m ta diw , son nèg valè’l ogmante, oubyen li fenk jwen’n yon gro pòs nan bwat leta,pou’l al dechèbiye jan’l vle, amba amba map riii Taki , ki fi’n panse’l rive.
Depi aprè, m te fè mennage mwen bay misye orè , pou’l ka pale avèl la. Taki, konvèti tèt li an gro bòs sou ti tèt fanm mwen-an.
Pou anivèsè mennage mwen , kipa lwen pou rive, militan gentan ap propoze’l
Pou’l al pase’l ,avèk li St Domingue, si vrèman lita aksepte ofri’l kè’l. M chita tèt frèt map jwe militan tankou topi ki gaya.
paspò boubout mwen ekspire , rapid vit ,militan gentan refè paspò-a, el tou remèt frè mennage mwen an li ak tout yon viza Dominicain, pou bay li , paskem pat kite fanm mwen al nan kwaze avèl, tout saw tande yola, se nan telefò’n yap regle.
M te sezi wè jan militan tap mande prèv , pou ti bout viza dominicain sa,kipat koute plis ke 300 dola blan meriken, demand yo ampil m’en map rezime kèk pou nou, Taki mande pou mennage mwen voye tèt chat la sou telefòn ni jan’l ye-a, e , fòk li griyen dan mimi voye Pouli ,tankou’m ta diw se bòs tayè kap pran mezi ròb madan kolo, fòk li jwen’n foto boul chadèk yo san soutyen, de bra balanse tankou selè sè levanjil ap lapriyè sou mòn kalvè.
Mwen ki mèt djaz la , pa janm mande tout kout bagèt sayo nan mitan batri mennage mwen , m’en misye Taki bezwen justifye èske reyèlman vre, li nan plas la, kifè lap mande tout pil bagay sayo, alò , mwen ak mennage mwen pran kèk vye foto lòt kote , voye bay militan Taki , saw tande-a , Taki , tombe ap voye foto ti koulèv mad-lèn li, mennage mwen tèlman ri, lè’l wè, ti zouti bòs militan Taki , li plonge sou mwen ak yon tèt bizou sou tèt dyòl mwen bien mouye s*kre, pou’l dim « Bondje beni’w Dan’d, paske Siw teka separe nan paw la , ou tap ka bay Taki , rès tap rete an kantite pou’m sèvi … »
Mwen konnen madan militan bien, em te montre mennage mwen li tou pandanl tap sot chèche pitit li lekòl, sete menm moman sa , lite dim : « kòmandan pa okipe Taki, ki gen foli nan problèm avè’w , paske , menm swen timoun yo misye paka pran, epi’m tande se problém lap chèche foure tèt li ak la polis… »
Siw tawè , sitiyasyon madanm nan , wap gentan gen yon bèl ide de Taki, nan tout eksè, depans , ak projè lajan , lap mete devan sèl ti tèt fanm mwen-an pou’l ta rive konvenk li, pou mete do’l atè.
Anivèsè boubout mwen pa lwen pou rive, m tap panse kijan’m ka fél yon gro sipriz, òganize yon bèl sware pouli , e , te tou swete manman’l byen vini , ki gen plis pase 23 an pa wè Tania sèl gren’n pitit fiy li,
Se nan kontèks sa , map panse reflechi , poum ta prepare yon bèl sipriz pou mennage mwen e tou fete prezans manman’l avèk nou.
Men kwè’m si’n vle…, pou yon’n pami tout rezon mwen yo , map modifye sipriz la.
Map fè yon koreksyon nan la vi militan Taki jou sa kanmenm ak tout foli grandè kap boulvèse’l la , e sa li pap janm bliye’l nan vi’l pou lòd ak respè.
Otè tèks: Chachot