FBLA Haiti Pictures

FBLA Haiti Pictures Future Business Leaders Of America - Haiti
(1)

04/24/2024

Depi 1986 map di solisyon Ayiti a tre fasil, nou ap gen MOUN. Fok wbati moun-sitwayen-leaders. Obje mouvan san nanm sa yo pa MOUN!

04/23/2024

REV AMERIKEN AN POKO MOURI -
Genyen youn konsep ki rele "Rev Ameriken" Nan lane anvan 1980 youn sel Ameriken nan youn fanmi te konn ap travay e te rive achte kay, vwati nef, sere ase pou edikasyon pitit yo! E sete senbol "rev Ameriken an" Jodya Ameriken yo ap fe 3 twa fwa salè minimòm jan gouvenman federal metel la, men li pa gen mwayen poul viv menm jan ak lontan. Moun kap viv nan USA dwe itilize tout strateji, stratajem pou kenbe e detire lajan ki nan men yo!

Genyen fason Jeff Bezos di Ameriken ka itilize $100 pou fè lajan nan premye byen imobilye - san tèt fè mal met kay (landlords) te konn genyen!

Pri lavi nan USA- enflasyon an - kontinye ap vale teren ak fason pri pwodwi yo ap vale terne men yo konseye tout moun kontinye gade koman yo ka envesti nan byen reyel tankou byen imolye, lo ak pwodwi atistik pou demen. men le wap gade malgre sale minimom nan ki se $7.25 pa èdtan. Sa ta vle di youn anploye kap fe apeprè $ 21.75 èdtan pa menm gen mwayen pou lwe yon apatman ak youn chanm a kouche.

Pou w ka rive envesit nan dilim saa fok w genyen youn bidje strik! Travay nan 3 jobs kote wap bay nenpot 90 èdtan pa semèn pa solisyon. Jodya tout Ameriken ta dwe pense mete sou pye youn business pesonel kom altenativ! gen moun depi yo tande business yo pense selman ak gwo business men en realite gen ti aktivite w ka fe lakay ou ki konsidere kom business. Youn moun kii konn trese cheve stil Afriken, ki fe babysitting pou kek timoun menm si se ta fnami w, youn moun ki achte pwodwi pou vann chak weekend a zanmi e fanmi yo se business.

Wi, depi 2020, leta federal retire depans anploye ka retire nan tax yo tankou inifom, lajan w peye sendika ak lot materyel e ekipman w itilize nan travay ou (Siw fe depans sa yo fe travay la ranbouse w) men siw sevi ak youn pati nan kay ou kom business wka retire youn pati nan depans sa yo ki konpare ak revni business saa.

Bidje ap ede w rive ak objektif wap vize si wpa eseye redwi depans ki pa vreman nesese. Sa vle di gen depans ki nesese e gen depans ki fleksib! Mgen youn koupl kite deside viv ak aranso, hotdogs pendan 1 nan pou redwi depans nan manje pou yo te ka ekonomize pou achte premye kay yo!

tyeke e netoye rapo sou kredi nou. Mande youn rapo gratis e korije tout sak pa korek, nom, adres, telefonn, det ki peye deja etc... Pwoteje dosye kredi nou! Peye youn nan ajans kap rapote kredi pou pwoteje kredi nou e anpeshe nenpot moun tyeke kredi nou san nou ap dako davans! Peye det yo osi vit nou kapab ou rele moun nou dwe pou we si nou ak fe youn deal pou efase dte ansyen sa yo!

Mwen konseye tout kliyan ki genyen timoun piti pou louvri youn kont 529 pou prepare edikasyon siperye timoun yo. gende parna ki envesit anpil nan voyaje ak timoun yo aletrnaje ou gwo voyaj distraksyon nan sant datraksyon (Disney World) e bliye sere lajan pou timoun nan le li pre pou ale nan inivesite! Aloske pri inivesite ap galope! Youn nan barye anpil gradye se det yo genyen pou edikasyon yo!

02/16/2024
12/04/2023

Kelkeswa konpetitisyon an (spo ou byen akademik) si ekip ou rele Ayiti byen, ekselan pa sifi, se grande ki pwal fe diferans lan!

06/30/2019

Address

Post Office 100906
New York, NY
11210

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when FBLA Haiti Pictures posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to FBLA Haiti Pictures:

Videos

Share


Other Broadcasting & media production in New York

Show All